Lank

Malada

    Continúa después del anuncio

    Ak lank m ap sal rad
    M pot neglijans baw nan tèks sa
    Foumi va ba w nouvèl
    Nan kad egzistans mwen sou tè sa
    Ou bezwen vès
    Konn vès sa
    Kwè sa
    Epi wè sa
    Ay may bezwen mèl
    Nan dènye lè a enben pran lèz sa
    Nou woule n fè mirak
    Tankou splef la
    Sot nan syèl
    Goute life nou li rak
    Menm lè n chaje potansyèl
    Nou rèd
    Epi nou tèt frèt
    Bèt!
    Tankou n gen 7 tèt
    Pou tèt nou n se sèl mèt
    My nigga plèk plèk
    Nou ret onèt
    Feblès nou nou rekonèt
    Sa pa gade n ou
    Nèg salon
    Nou menm nou geto n geto nèt
    Menm lè n lekòl
    Plas nou ranje dèyè
    Ou lakòl ou mal chita
    N tou di w ranje dèyè w
    Ou fè erè y ap met manje ranje dèyè w
    Anndan pwogram nou voye je w w ap wè tout
    Deranje dèyè
    Sa ka chame w
    Jan m tòde reyalite a
    Jan m detwi l la pa anyen non man
    E jan m ap reyanime l la
    Jan m lage a
    San panik
    E jan m ye a
    Tou m pa nwi

    Continúa después del anuncio

    Gen Dedy Styl
    K ap ban m bon bit
    K ap ban m bon van
    Pou m bat apik
    Fè tiktak yo vin taktik
    So game fè glas
    M vin ak pik
    M vin pou deranje
    Tank on chen mèg
    M vin a tik
    Si m djab nan je w
    Yow pou blag man
    M ap manje w
    Si w se sa tou man
    M ap fè w pè
    Nou p ap fè pè
    Fò w aranje w
    Di w sa l ye a
    So zafè w
    Si w pran l nan sans kri
    Sa m fè pou ane a
    Se lirik m akouche
    San kri
    Nan kole kole rim
    M vin kole kolerik
    M pa nan polemik
    M pito politik
    Si w anba dlo
    M pot on vibe waterproof
    M vin bay fake yo anbago
    Sa k ap fè rap watè
    Wouch!
    Pandan ak rap
    M siy on pak
    G on jan pou l ye
    Nan vi yon blak
    Gout pa gout ba w bout hip hop
    Vide anndan m
    San ret on tak
    Vibe sa w p ap ka konbat
    W ap tonbe plat
    Si w vid k on sak
    Konsa
    Ak mo m ret an kontak
    Sa fè flo m yo
    Rete konpak
    Konpa sa w
    P ap ka jere l
    W ap pike s on pwent sèch
    Anba sa w p ap ka gade w ap bite
    S on pwent flèch
    Mic tchèk
    Mic tchèk
    Yow ban m on bit
    Pou m bay bèk
    One take
    One take
    Tou ban m on blunt
    Pou may frèt
    Pou m fwete medyòk yo
    M ap pale de zòt yo
    Fè yo wete kò yo
    Pou n tounen ak bèl epòk yo
    An n rale sa k fò yo
    Fè yo double jefò yo
    Pou n refè l ankò e ankò

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión