BACHA (feat. Noldy)

Mickael Guirand / Vayb

    Continúa después del anuncio

    Se pi bèl bagay
    Lè w gen moun ki toujou kanpe avè w
    Apresye sa, apresye sa
    Fò w sonje lè w ap bouje
    Tout kote ou pase baz ou dèyè w
    Apresye sa, apresye sa

    Si n ap toujou jwe mizik
    Se gras a sipò ke w bannou
    Mèsi pa ase pou eksprime lanmou n pou nou

    Club la chofe
    M anvi rantre vayb la just anraje, li anraje
    Anndan pake, medam yo klere
    V.I.P. a pake, kòb ap depanse
    Voutèy sou boutèy

    Nou gen 6 zan nap byen pase
    Se paske w toujou ret fidèl
    Mèsi pa ase pou eksprime lanmou n pou nou
    Bon tan kou move tan w toujou la
    Jodi a se jou w
    Pou n debouche chanpay nou pral fete

    Lè w byen kanpe ou poste bò jaz ou (se bacha w ye hee))
    W ap depanse, w ap byen pase (se bacha w ye hee)
    W ap fè dyòlè, jaz ou byen chè (se bacha w ye hee
    Pa vin twò pre, nou pral lage

    Bacha yo ye, se bacha yo ye
    Yo se moun vayb la, kanpe dèyè jaz la
    Byen kanpe dèyè jaz ou
    Bacha yo ye, se bacha yo ye
    Yo se moun vayb la, kanpe dèyè jaz la

    Continúa después del anuncio

    Si w son w V.I.P. (Ou se bacha bacha)
    Wooo ou renmen depanse (ou se bacha bacha)
    Pete boutèy fè lòbèy (ou se bacha bacha)
    Byen abiye ou byen fre (ou se bacha bacha)
    Depi w nan vayb kisa ou ye

    Bacha yo ye, se bacha yo ye
    Yo se moun vayb la, kanpe dèyè jaz la
    Kale kò ou louvè kò ou
    Bacha yo ye, se bacha yo ye
    Yo se moun vayb la, kanpe dèyè jaz la

    Ou pa kanpe sou fake (ou se bacha bacha)
    W ap soti w pa nan mande prete (ou se bacha bacha)
    Tout kote n fè ou dèyè jaz ou (ou se bacha bacha)
    Medam vayb yo di yo pap dòmi deyò
    (Ou se bacha ou bacha ou bacha)

    Jaz saaa (li ka fè w pèdi tèt ou)
    Si w pa aliyen w (li ka fè w rele)
    (Wouu) ka fè w kriye
    (Aaah) ka fè w rele
    (Wouu, aaah) tande
    Repran, repran, repran, repran (aa haa)
    Repran, repran, repran, sans ou (aa haa)
    Retounen nan jaz ou

    Jaz saaa (li ka fè w pèdi tèt ou)
    Si w pa aliyen w (li ka fè w rele)
    (Wouu) ka fè w kriye
    (Aaah) rele
    (Wouu) ka fè w kriye (aaah)
    Repran, repran, repran, repran (aa haa)
    Repran, repran, repran, sans ou (aa haa)
    Retounen nan jaz ou

    Pip pip pip konpa

    Bacha anvayi jaz la, yo anvayi jaz la
    Flannè anvayi jaz la, yo anvayi jaz la

    You got the groove (we got the groove)
    You got the move (we got the move)
    You got the swag (we got the swag)
    You got the vibe (we got the vibe, we got the vibe)

    Bacha anvayi jaz la, yo anvayi jaz la
    Flannè anvayi jaz la, yo anvayi jaz la

    You got the groove (we got the groove)
    You got the move (we got the move)
    You got the swag (we got the swag)
    You got the vibe (we got the vibe, we got the vibe)

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión