Afro Nwèl

Mikaben

    Continúa después del anuncio

    Mikaben
    Yeah, Haspen pon da beat again

    Manmi Nwèl la rive
    Tonton Nwèl pral pot anpil kado
    Sanble m pa kalifye
    Mwen pap vin pran nan barikad o

    Timoun ap fete Nowèl (ey)
    Granmoun ap fete Nowèl (ey)
    Tout moun ap fete Nowèl (ey)
    Tout stil mizik se Nowèl

    Menm Afrobeat se Nowèl (Saw di m la? Oh oh)
    Menm Afrobeat se Nowèl (Afrobeat ou di Mika, e e)
    Menm Afrobeat se Nowèl (Haspen Money Beat, oh oh)
    Menm Afrobeat se Nowèl (M ap pase san eskanp, e e)

    Lè a rive
    M paka tann, m paka tann, m paka tann ankò
    Pou m al fete
    M eksite, m pa fouti di w kisa k nan kò m
    Lè m ap gade
    Tout pwogram, tout afich, m wè se tout ki anfòm
    Tout DJ pral byen pase
    Tout djaz pral fè moun danse
    Ou santi gen yon vayb do (sa e klè)
    Yon vayb de fraternite
    Tout moun anvi unite do
    Pou toute la nativité
    Ou santi w ap fè likes do
    Menm IG mande anrage
    Lèzòm pa vin pou fight
    Pa gen bif ni joure, tout se lòv

    Continúa después del anuncio

    Manmi Nwèl la rive
    Tonton Nwèl pral pot anpil kado
    Sanble m pa kalifye
    Mwen pap vin pran nan barikad o

    Timoun ap fete Nowèl (ey)
    Granmoun ap fete Nowèl (ey)
    Tout moun ap fete Nowèl (ey)
    Tout stil mizik se Nowèl

    Menm Afrobeat se Nowèl (oh oh)
    Menm Afrobeat se Nowèl (Afrobeat menm?)
    Menm Afrobeat se Nowèl (oh oh)
    Menm Afrobeat se Nowèl (e e)

    Zigizaw
    Kite m eksplike nou kijan mwen santi m yo
    Nwèl la se toujou pi bèl epòk nan vi m yo
    Se landan l fanatik mwen yo te dekouvri m yo
    Depi lè a se avèk lòv yo vle kouvri m yo
    G on dal mizik k ap lage men y ap tann Mika lage pa l la
    Se li yo pral plis pase nan tout ti sourit, nan tout bal la
    Machann fanal la rive (ey)
    Granmoun timoun vin achte (ey)
    Se kè kontan tout kote
    Ou welepepe

    Manmi Nwèl la rive
    Tonton Nwèl pral pot anpil kado
    Sanble m pa kalifye (Sanble m pa kalifye wi la)
    Mwen pap vin pran nan barikad o

    Timoun ap fete Nowèl (ey)
    Granmoun ap fete Nowèl (ey)
    Tout moun ap fete Nowèl (ey)
    Tout stil mizik se Nowèl

    Menm Afrobeat se Nowèl (oh oh)
    (Afrobeat se) Menm Afrobeat se Nowèl (e e)
    (Afrobeat se) Menm Afrobeat se Nowèl (oh oh)
    Menm Afrobeat se Nowèl (e e)

    Bon m ale wi la a
    Jwaye Nowèl tout moun
    Mi mi Mikaben
    Bòn Ane
    Haspen Money Beat
    Woule bweson, respekte vè w
    Yeah

    Información de la canción

    Composición: Mighty Young

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión