Blakawout

Mizik Mizik

    Continúa después del anuncio

    Ey, eric, papa-m son gwo elektrisyen wi
    Papa-w pa yon gwo elektrisyen non
    Papa-w son gwo voúlè kouran
    Ti priz, ti priz, ti priz

    San ke m pa nan politik
    Mwen kwè m gen dwa pou m pale
    Gen yon seri de bagay
    Kape fè-n pase yon tray
    Se pou m di laverite
    Paske mwen gen dwa pou m ekziste vre

    Pale, pale, pale sa w wè, di sa ki verite
    Pale sa w wè, sak fè ou mal frè mwen
    Pale, pale, pale sa w wè, di sa ki verite
    Oh non, non, non

    Gen jou m santi m imilye
    Lè mwen pran pou m konpare
    Peyi-m avek letranje
    Se pa anyen ki manke
    Se fùos kouraj pou nou sanble
    Epi travay pou nou avanse vre

    Continúa después del anuncio

    Pale, pale, pale sa w wè, di sa ki verite
    Pale sa w wè, sa kap manje-w frè mwen
    Pale, pale, pale sa w wè, di sa ki verite

    Woy
    Tout valè yo ale
    Le w koken yo di w bon
    Neg serye yo sou ban
    Wooooy
    An n rebrase kat la
    Pou demen ka miyùo
    Site katon jouk fon milù

    Wo non, non, non
    Wo non, non, non
    Wo non, non, non

    Sous de vi papa
    Vwala ke
    M pa wè menm
    Sa w panse de sa?
    Se li ou vle?
    Eske se li ou vle?
    Zobodobodop
    Zobodobodop
    Woy ban mwen-l

    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Se li mwen bezwen pou mwen fè magouy mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Se li m ap tann pou m konte lajan mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Se li mwen bezwen pou m manyen madanm mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    San blakawout la, nou paka fonksyone
    Ban-m blakawout mwen souple

    Oo, men li
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Depi maten m leve m anvi fè magouy
    Mwen paka fè magouy mwen non
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Depi maten m leve m anvi fè magouy
    Mwen paka fè magouy mwen ey
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Ban-m fè-nwa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Se li mwen bezwen pou m jete bilten mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Se li mwen bezwen pou m mate konpa mwen
    Ban-m blakawout mwen souple
    Tout fanatik yo ap tann li pou yo pran feeling
    Ban-m blakawout mwen souple
    Woy yo bay li

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión