Absans Ou

Rayy Raymond

    Continúa después del anuncio

    Absans ou toumante'm
    Je m'ennuie de toi

    Lè w pran'm nan bra w tandreman
    Kò w atire mwen tankou leman
    Sa fè depi m avè'w m'pa ta vle pou nou janm detache
    Lè w nan lari m'ap priye pou w vini
    Mwen pa ka tann pou m makònen avè'w
    Ti cheri mwen se lè w souri avè'm, mwen santi'm byen
    Mwen jwenn nan ou sa anpil moun pase vi y'ap chèche byen lwen
    Maten, midi e swa, m vle'w toujou la, oo, paske

    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    Je m'ennuie de toi
    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    J'ai besoin de toi

    Gen moun ki wè sa k'ap pale yo di'm trò tizè
    Men se konnen yo pa konnen anpriz lanmou'w genyen sou mwen
    Jan ou chanje vizyon'm, nan vi mwen ou se gidon
    Gen anpil lòt k'eseye men k'pa rive rivalize'w
    Chak fwa nou fè'l li nouvo pou mwen
    Kite m di'w baby kisa ou vo pou mwen
    Mwen pa anvi pase menm yon segond
    San w pa bò kote mwen

    Continúa después del anuncio

    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    Je m'ennuie de toi
    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    J'ai besoin de toi

    Doudou m anvi wè w

    Gen de fwa lè ou renmen
    Ou ka menm bay sa w pa genyen
    Menm si'l pa g'on dola, ou pa deranje, pito'l la
    Si'w jwenn chans yon moun renmen ou, ki bliye tèt li pou ou
    Kenbe'l di paske g'on lòt k'ap tann ou pèdi'l pou l anvayi'l

    Cheri m'ap vini

    Kenbe'm pa lage (kenbe)
    Rete bò kote'm (kenbe)
    Cheri dòlote'm
    Cheri an mwen, doudou an mwen (kenbe)
    Kenbe'm pa lage (kenbe)
    Rete bò kote'm (kenbe)
    Cheri dòlote'm
    Kenbe'm pi fò bebe

    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    Je m'ennuie de toi
    Absans ou toumante'm
    Lè w pa la l domine'm
    J'ai besoin de toi

    Información de la canción

    Composición: Rayy Raymond

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas