Black La Imòtèl (feat. KowKow)

Roody Roodboy

    Continúa después del anuncio

    Black Alex, ou manke nou a mò
    Black Alex, ou manke nou a mò
    Lanati ou pa ta fè m sa - li pa fin jwi rès lavi a
    Lanati ou pa ta fè m sa - m espere n ap wè anlè a

    Azip tibidiw m biw m biw Azip tibidiw
    Epòk m tap kominye jan m pran plezi m pa bezwen di w
    Kijan moman sa yo make mwen, kijan yo manke mwen
    Kijan nouvèl lanmò sa vin toumante mwen
    Himaye himaflo himaso hisolina kongo
    Imata lima kongo
    Okenn moun pat konprann lang sa Men yo pat ka oze juje w
    Melodi yo te toujou hit, tout meloman te apresye w
    Oh way

    Continúa después del anuncio

    Yo King Posse pral pase se ou m ap tan, m bezwen on koral
    Tanpri retounen Black la men bòt la, m bezwen on lokal
    Cool non, cool non m pa kwè l abandone
    Fanatik yo ap kriye, yo rele eh eh eh
    Esplike m sa kap pase eske memwa m efase
    Li pa trepase, m plis anvi danse olye map panse
    (Pale pale ou mèt kite yo pale)
    Ranse ranse Black la pa mouri vre

    Black Alex, ou manke nou a mò
    Black Alex, ou manke nou a mò
    Lanati ou pa ta fè m sa li pa fin jwi rès lavi a
    Lanati ou pa ta fè m sa m espere n ap wè anlè a

    A tout zanmi, zanmi
    A tout fanmi, fanmi
    Kondoleyans ke map swete
    A King Posse ak tout fanatic
    Nan kè nou tout w ap toujou rete
    Black la imòtèl oh oh way (repeat)

    Información de la canción

    Composición: Jean Haspil Ulysse

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión