San Konsyans

Roody Roodboy

    Continues after the ad

    Manman manman ay ay
    Di mwen kote w ye ay ay
    Manman manman ay ay
    Èske wap tande m

    Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
    Nou pa kapab ankò leta
    Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
    Nou peyi a an reta

    Pèp la bouke manje mizè
    Palemantè menm ap milyonè
    Bwat leta yo plen raketè
    Opozisyon chaje magouyè
    Nou fout bouke

    Nou bouke, nou bouke wap voye kraze brize
    Nou pa kapab ankò leta pitit ou ap etidye a letranje
    Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
    (Nou genlè pran m pou egare)
    Nou peyi a an reta

    Pale le le pale
    Fòk leta a pran pozisyon chita pale
    Pale le le pale
    Fok nou jwenn yon teren dantant pou n avanse

    Eske konsyans yo pa touche yo
    Lè malere pa ka manje
    Kòb ameriken ap monte wo
    Gazolin nan pa bon mache

    Ay yo touye on bann jounalis jean dominique
    Leta pa ka bay jistis
    Yap vòlè kòb nan lona
    Pèp la ap manje nan fatra

    Manman m te ka vivan toujou tande
    Si lopital kanapevè te kite l antre
    Senk mil goud sèlman ki li bloke
    Nou kite tansyon l desann jouk kan kè li bloke
    Nou gen manman tou mesye

    San konsyans nou pa respekte lavi
    San konsyans nou san konsyans tande
    San konsyansneg yo mechan
    San konsyans

    Gade gè gade gè
    Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
    Gade zam, gade zam
    Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

    Bèlè tire pow, delmas 2 reponn pow pow
    Touron tire pow, lasalin reponn pow pow
    Tibwa tire pow, granravin reponn pow pow
    Boston tire pow, bedekou reponn pow pow

    Continues after the ad

    Gade gè gade gè
    Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
    Gade zam, gade zam
    Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

    Pele tire pow, metisimon reponn pow pow
    Pilat tire pow, sitededye reponn pow pow
    Raboto tire pow, jibele reponn
    Si n vle pou gen chanjman fòk gen dezameman

    Nèg kip a gen machin toujou ap boule machin moun nan lari a
    Lè yap manisfeste
    Nèg ki pa gen biznis toujou ap kraze biznis moun nan lari a

    A lon ti pèp sovaj wo
    Nou fè peyi a lèd ye iye

    Nou gendwa manisfeste wi
    San nou pa kraze brize wi
    San n pa mete dife oh kote nèg yo fè

    Chaje nèg ki nan manwon pou lajan petwokaribe a
    Gen nèg debyen ki nan mawon - pou lajan petwokaribe a
    Gen milat ki nan mawon pou lajan petwokaribe a
    Gade vòlò ki nan mawon pou lajan petwokaribe a

    Si mizè nan bouda w
    Pwoblèm nan bouda w
    Lavi chè nan bouda w
    Mete bagay anlè pou w dedouble

    Dedouble
    Mayo anlè dedouble
    Mouchwa anlè dedouble
    Kepi anlè dedouble
    Drapo dedouble

    Dedouble souke

    Woy woy gadon doulè gadon doulè
    Woy woy gadon doulè gadon mizè

    Peyi a sa manje manman m
    Li manje papa m
    Kounya san fanmi m lage debra pandye wo
    Lajistis san konsyans wo, ede m rele

    Anmwey, jouk kilè sa va chanje
    Anmwey, an verite nou fout bouke

    Lasalin moun ap tonbe se kochon kape manje yo
    Lapolis pap menm byen touche nan lari yape boule yo bondye

    Met men anlè pou n chache pou letènel

    La si gras la vini a dwat n ap pran l
    Si l vini a goch n ap pran l
    Si l vini a dwat n ap pran l
    Si l vini a goch n ap pran l
    A dwat n ap pran l
    A goch n ap pran l
    A dwat a goch n ap pran l

    Ayiyay iyay iyay he he he
    Ayiyay iyay iyay oh oh oh

    Mkatè yo mele
    Mache ti tony yo mele
    Haitnet se sa net yo mele
    Yo mele yo mele pi rèd

    Bienvenu auto parts yo mele
    Kafe ti pilon yo mele
    Magi interstate yo mele
    Richele rotela yo mele

    Ayiyay iyay iyay he he he
    Ayiyay iyay iyay oh oh oh

    Suzuki yo mele
    Tirezone yo mele
    Yo mele
    Yo mele yo mele pi rèd

    Rebo hot sauce yo mele
    Kreyolito yo mele
    Yo mele yo mele pi rèd

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão