Epi W Souri (feat. Bobby Last One)

Stan Ofisyèl

    Continúa después del anuncio

    Tankou yon balèn ou fenk limen
    Non yon ti chanm ki te fè nwa
    Ou klere chimen m, ou rebanm espwa
    Ouoow! Ouoow!
    Ou vini ou fè m reve san somèy
    Wete doulè, ou wete lapèn
    Pote lajwa, ou pote lapè
    M t ap kriye mwen anvi wè solèy

    Ou vini epi ou souri
    Ou met koulè nan tout nuit blanch mwen yo
    Ou vini epi ou souri
    Ou geri m ou swanye malad mwen yo

    M pa sèlman renmen ou pou sa ou ye
    Men tou pou sa m ye depi lè w la
    Ou vini epi ou souri
    Ou travèse tout defans mwen yo

    Oye iye iye iye iye iye iye
    Oye iye iye iye iye iye iye

    Pa gen rim ki egale bote w
    Pa gen pi bèl melodi pase vwa w
    Bonè a pa lwen, sinon bò kote w
    Ouoow! Ouoow!
    Ou vini ou fè m reve san somèy
    Wete doulè, ou wete lapèn
    Pote lajwa, ou pote lapè
    M t ap kriye mw anvi wè solèy

    Continúa después del anuncio

    Ou vini epi ou souri
    Ou met koulè nan tout nuit blanch mwen yo
    Ou vini epi ou souri
    Ou geri m ou swanye malad mwen yo

    M pa sèlman renmen ou pou sa ou ye
    Men tou pou sa m ye depi lèw la
    Ou vini epi ou souri
    Ou travèse tout defans mwen yo

    Oye iye iye iye iye iye iye
    Oye iye iye iye iye iye iye

    Ou vini ou fè mwen friz ou fè mwen hot
    Ou vin fè m feel tout sa m pa t santi depi tann dat yo
    Ou vini ou fè m santi mwen pi gran black
    Paske lè m avé w yo paka fouti di se zorat yo
    Ou vini w fè tout ti vid yo konble
    Ou vin chanje lavi m fè tout kritik yo tonbe
    Ou fè m ap souri w montre m pa t janm gen gang vre
    So m ap chante pou ou m ap di w tu cheri tande m

    Ou vini epi ou souri
    Ou met koulè nan tout nuit blanch mwen yo
    Ou vini epi ou souri
    Ou geri m ou swanye malad mwen yo

    M pa sèlman renmen ou pou sa ou ye
    Men tou pou sa m ye depi lèw la
    Ou vini epi ou souri
    Ou travèse tout defans mwen yo

    Oye iye iye iye iye iye iye
    Oye iye iye iye iye iye iye
    Oye iye iye (M pa sèlman renmen ou pou sa ou ye)
    Iye iye iye iye (Men pou sa m ye depi lèw la)
    Oye iye iye iye iye iye iye

    Ou vini epi ou souri
    Ou met koulè nan tout nuit blanch mwen yo
    Ou vini epi ou souri
    Ou geri m ou swanye malad mwen yo

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión