Yo Paka Bare N' - Kanaval 2020

Sweet Micky

    Continúa después del anuncio

    Pote kole, pote kole
    Pou Ayiti ka dekole
    Pote kole, pote kole
    Pou Ayiti ka dekole
    Pote kole, pote kole
    Pou Ayiti ka dekole

    Kanaval 2020 Sweet Micky

    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen

    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Timoun bezwen ale lekòl yo pa ka al lekòl
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Djaspora bezwen vini lakay yo pa ka vin lakay
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Men ti machann yo men yo bezwen travay
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Taxi moto yo men yo pa ka travay
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Chofè kamyonèt yo men yo bezwen travay
    Peyi a lòk la pa bon pou mwen
    Opozisyon ou mechan twòp opozisyon

    Se bow
    (Se bow) Ayisyen chanje mantalite w
    (Se bow) Ayiti pa chanje
    (Se bow) Ayisyen leve kanpe
    (Se bow) Ayiti pa chanje
    Se bow

    Sant lan yo pran, se sant lan yo pran
    Sant lan yo pran, se sant lan yo pran

    Mazaza yo lòk li (peyi a)
    Pou regle zafè yo
    Vagabon yo lòk li (peyi a)
    Pou regle zafè yo

    On pakèt mechan
    Mechan yo sispèk
    N ap veye yo tou

    Mazaza yo lòk li (peyi a)
    Pou regle zafè yo
    Vagabon yo lòk li (peyi a)
    Pou regle zafè yo

    Twòp ipokrizi
    Men Ayiti pap chanje konsa, fò n chanje dabò

    Woy woy woy woy
    Devann yo rete bouch pe, dèyè n yo tonbe pale
    Woy woy woy woy
    Bondye pou nou pèp la avè n mezanmi gade yo

    Ah ah ah ah ah
    Woy gade kijan n pase sou yo vre yo mele
    Ay gade kouman n pase sou yo vre nou konnen yo
    Nou pase n pase n pase sou yo vre nou woule yo

    Continúa después del anuncio

    Bon w konnen s on piti w ye w ap pale fò konsa (ou genlè pè)
    Men se nòmal pou w pè wi (ou genlè pè)
    Fò w di m kisa w pè la (ou genlè pè)
    Tande

    Barikad pa ka bare m, kawotchou pa ka bare m
    Lakrimojèn pa ka bare m, Ti Mona pa ka bare m
    Poko gen moun ki ka bare m

    Yo pa ka bare m
    Peyi a pa pou pèsonn
    Yo pa ka bare m
    Lakou a pou nou de
    Yo pa ka bare m

    Barikad pa ka bare m, kawotchou pa ka bare m
    Lakrimojèn pa ka bare m, Ti Mona pa ka bare m
    Poko gen moun ki ka bare m

    Yo pa ka bare m
    Lakou a pou nou de
    Yo pa ka bare m
    Peyi a se pou nou l ye
    Yo pa ka bare m
    Ann f on chita pale pou n jere bagay yo frè

    Se le kabrèt la kole wa gen pou w konn tout non bèf yo
    Se lè w nan move moman wa gen pou w konn bon zanmi yo

    Sa k pa vle lekòl gratis (bay peyi a)
    Sa k pa vle sekirite yo (bay peyi a)
    Sa kap sal imaj peyi m nan (bay peyi a)
    Mechan kap boule mache yo (bay peyi a)

    Se le kabrèt la kole wa gen pou w konn tout non bèf yo
    Se lè w nan move moman wa gen pou w konn bon zanmi yo

    Sa kap vòlè zafè moun yo (bay peyi a)
    Kraze biznis ti machann yo (bay peyi a)
    Sa k ap sal imaj peyi m yo (bay peyi a)
    Sa kape boule mache yo (bay peyi a)

    Mechan
    Ou mechan
    Bay peyi a mechan
    Mechan

    Biw
    (Biw) Cap Ayisyen
    (Biw) Micky rive men sa son goudougoudou
    (Biw) Cap Ayisyen fann nan bouda kamoken yo

    Nou rive
    Nou rive
    Men nou

    Men bandi yo
    Bandi legal yo
    Men bandi yo
    Bandi legal yo

    Nou rive
    Nou rive
    Men nou

    Men bandi yo
    Bandi legal yo
    Men bandi yo
    Bandi legal yo

    Woooy nèg yo fe gwo bagay vre pou ti lajan
    Woooy [?]

    (Ay ay ay) Cap Ayisyen pou l ye
    (Ay ay ay) Pa vin kale dada w la
    (Ay ay ay) Peyi a se pou nou l ye
    (Ay ay ay) Sispann kale dada w

    (Ou fou) Ou fouuuu
    (Ou fou fou) Fou fout fou
    (Ou fou) Micky nan town nan
    (Ou fout fou) Micky sou beton an
    (Ou fou) Men nou nan vil la
    (Ou fout fou) Micky nan dada w
    (Ou fou) Ou fouuuu
    Ou fout fou

    Men bandi yo
    Bandi legal yo
    Men bandi yo
    Bandi legal yo

    Mache
    Wach manman wi cheri
    Wach manman wi cheri
    Wach manman wi cheri

    Sant lan yo pran
    Se sant lan yo pran
    Sant lan yo pran
    Se sant lan yo pran

    Información de la canción

    Composición: Martelly Michel

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión