Ayiti Pap Kraze

T-Vice

    Continues after the ad

    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje
    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje

    Mape mande kisa n fè nap peye
    Ki fè deu piye peyi n mare
    Mwen pa vinn la pou m akize
    Men sepedan sa m obseve

    (Avan sa) nou pat gen kidnappings
    (Avan sa) la ville la te clean
    (Avan sa) nou te domi de pot ouvri
    Nou pat janm pè woooo
    (Avan sa) nou pat gen zenglendo
    (Avan sa) nou te kouche sou do
    (Avan sa) kisak pase ki fe n chanje

    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje
    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje

    Map mande si se pa yon fèt exprè
    Anpil sekte ap pwofite
    Plis sa pa bon plis yap touché
    Ayiti vinn tounon yon biznis

    (Avan sa) goud la te gen valè
    (Avan sa) nou pap gen pwobelm koulè
    (Avan sa) manman m papa m te konn pale'm de yon karousèl
    (Avan sa) drive in cine le vendredi
    (Avan sa) chak dimanche sou bisantnè
    (Avan sa) la domikani te konn vinn pran ekzanp sou nou

    Mwen di non non ayiti pap kraze

    Continues after the ad

    Groove la pral chanje
    Epi mwen di la jeunes

    Kenbe pou n kenbe, kenbe pou n kenbe, mwen di non
    Ayiti pap kraze
    Roberto depose konpa a

    Oh, sakap pase la
    Oh oh, kouman n rive la
    Oh, sakap pase la

    Chante ankò

    Map mande pou ayiti tounen sa manman m pap m te konen
    Mwen ta renmen konen'l tou
    Mwen pa konen'l
    Map mande pou ayiti tounen sa manman m pap m te konen
    Mwen ta renmen konen'l tou
    Mwen pa konen'l

    Fratènite (li pa gen sa anko)
    Mwen di moralite (li pa gen sa anko)
    Sekurite (li pa gen sa anko)
    Li pa gen sa anko

    Pou m sot lavil m'al petionville
    Depi m rive fo m fe yon kout fil
    Poum di fanmi m ke mwen an vi
    Gadon stress map jere
    Pou mwen travay fo'm negosye
    Pou yo ka banm sekurite
    Malgre sa vi'm toujou sible
    Gadon stress map jere nan peyi sa

    Map mande pou ayiti tounen sa manman m pap m te konen
    Mwen ta renmen konen'l tou

    (Ou kwè konen'l) mesyeu les dirigens
    (Ou kwè konen'l) ave nou pap pale
    (Ou kwè konen'l) ou kwe map konen'l
    (Ou kwè konen'l) mesyeu les minista
    (Ou kwè konen'l) ave nou pap pale
    (Ou kwè konen'l) mesyeu les blans
    (Ou kwè konen'l) cle a nan men nou ye
    (Ou kwè konen'l) ayitiens nan le monde entye

    Kenbe pou n kenbe, kenbe pou n kenbe, mwen di non
    Ayiti pap kraze
    Reynaldo depose konpa

    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje
    An nou priye, an nou priye, an nou priye
    Pou ayiti
    Kapab chanje, kapab chanje

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão