Fem Vole

T-Vice

    Continúa después del anuncio

    Di mwen pouki nou pa pale
    Pouki ou pa vle frekante mwen
    Eske l ap konsa pou toutan
    Ou byen se pou yon ti moman
    Eske ou janm mande pou mwen
    Eske ou konn kijan m santi mwen
    Mwen pa menm ka pale de ou
    Chak maten m leve, mwen panse a ou, ou ou
    Oh non babe, oh non babe

    Se vre m tande sa moun ap di
    Men pa panse ke m vin egri
    Yo mèt pale tout sa yo vle
    Lanmou sa a pap janm efase
    Se mwen ave w sel ki konnen
    Tout sa w te reprezante pou mwen
    Ou se pi bèl enspirasyon m
    Ke Bondye ban mwen san ezitasyon

    Baby tell me what to do
    Pou mwen repran w nan vi mwen
    I just wanna be with you
    Malgre tout sa yo di mwen
    I don't wanna let you go
    Ou cheri, mizik sa a sòti anndan kè mwen
    I just wanna let you know
    Ou se sèl fanm ke mwen renmen

    Toujou panse a ou
    Baby m pap janm bliye ou
    Ou fè m vole, fè m fly away

    Continúa después del anuncio

    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Pou bèl moman nou te pase
    Kouman m ta fè bliye w
    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Lè nou te konn fè lanmou
    Nou pat janm vle jou

    Cheri mwen pa ka panse
    Mwen pa ka reflechi (san ou)
    Mwen pat janm imagine kijan m te ka soufri (without you)
    Tout sa ke mwen eseye mwen pa janm wè lavi (san ou)
    Mwen konnen ke fò m bliye w, men mwen pap ba w manti

    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Nou kite, nou tounen men santiman m pa janm chanje
    M toujou renmen w
    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Pou bèl moman n pase
    Kouman m ta fe bliye w

    Oo, oo

    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Oh, pa lage m
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Oh wi se vre, ou fe m anvi vole
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Baby i need you in my life
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m

    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Pou bèl moman nou te pase
    Kouman m ta fè bliye w
    Ou fè m vole, ou fè m sonje nou tou lède
    Lè nou te konn fè lanmou
    Tou sa [?] se pou kenbe

    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Pa kite m
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    Baby gyal, come on baby gyal
    Kenbe m, kenbe m, kenbe m, pa lage m
    [?]

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión