Continúa después del anuncio

    Ou di mwen se pa lanmou ki manke
    Men sanble pou kenbe w li p ap janm ase
    Mwen chita nan yon kwen pre papòt la
    Ap gade ou k ap rasanble tout koze w

    Fwa sa mwen p ap kriye
    Ni m p ap sipliye ou rete
    Lanmou pa nan fòse
    Men se yon wout jefò li ye
    Men si ou vle ale

    E menm si remò vlope m
    Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
    Yon gout dlo tonbe
    Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
    Fè wout ou men pa vire gade m
    E si w ale w ale nèt

    W ap mandem pou m vin tout sa mwen pa ye
    Men w konnen tout blese m yo andomaje m
    Nou tou de konnen m pa yon ti bondye
    Men m te dakò trennen si sa ka leve w

    Continúa después del anuncio

    Fwa sa mwen p ap kriye
    Ni m p ap sipliye ou rete
    Lanmou pa nan fòse
    Pèfeksyon an se nou k kreye l
    Men si ou vle ale

    E menm si remò vlope m
    Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
    Yon gout dlo tonbe
    Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
    Fè wout ou men pa vire gade m

    E menm si remò vlope m
    Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
    Yon gout dlo tonbe
    Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
    Fè wout ou men pa vire gade m
    E si w ale w ale nèt

    Ale ale ale eeee
    Ale ale ale eeee
    Ale ale ale eeeee
    Ale ale ale eeee
    Ale ale ale eeee
    Ale ale ale eeeee
    Ale ale ale eeee
    Ale ale ale eeeee

    E si w ale w ale nèt
    W ale w ale nèt
    E si w ale w ale nèt

    Información de la canción

    Composición: Tafa Mi-Soleil

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión