Ou di mwen se pa lanmou ki manke Men sanble pou kenbe w li p ap janm ase Mwen chita nan yon kwen pre papòt la Ap gade ou k ap rasanble tout koze w Fwa sa mwen p ap kriye Ni m p ap sipliye ou rete Lanmou pa nan fòse Men se yon wout jefò li ye Men si ou vle ale E menm si remò vlope m Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn Yon gout dlo tonbe Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen Fè wout ou men pa vire gade m E si w ale w ale nèt W ap mandem pou m vin tout sa mwen pa ye Men w konnen tout blese m yo andomaje m Nou tou de konnen m pa yon ti bondye Men m te dakò trennen si sa ka leve w Fwa sa mwen p ap kriye Ni m p ap sipliye ou rete Lanmou pa nan fòse Pèfeksyon an se nou k kreye l Men si ou vle ale E menm si remò vlope m Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn Yon gout dlo tonbe Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen Fè wout ou men pa vire gade m E menm si remò vlope m Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn Yon gout dlo tonbe Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen Fè wout ou men pa vire gade m E si w ale w ale nèt Ale ale ale eeee Ale ale ale eeee Ale ale ale eeeee Ale ale ale eeee Ale ale ale eeee Ale ale ale eeeee Ale ale ale eeee Ale ale ale eeeee E si w ale w ale nèt W ale w ale nèt E si w ale w ale nèt