M Vle W Konnen

Teddy Hashtag

    Continues after the ad

    W ap mache pou w vinn kanpe devan m nan
    M ka we jan w bel
    M paka tann pouw banm ti calin m nan
    M renmen jan w fel
    Chak fwam m wè w lanmoum ogmante plis
    E m kontan w fe chwa pou w rete pre m
    Jodia se jou ke mwen ave w nou pral fe on sèl

    M vle w konnen w gon moun ki renmen w
    On moun ki bezwen w, on moun ki nan back ou
    M vle w konnen w gon moun ki ave w
    On moun k ap pran swen w, on moun ki pap baw kou
    M vle w konnen lap la pou ou chak jou
    Lap mache site nom w toupatou
    M vle w konnen w gon moun renmen w
    E jodia moun sa ap marye ave w

    O, o o, o o
    O o, o o
    Ou fè ti ke m poze
    Pa pral ankenn lot kote
    O, o o, o o
    O o, o o
    Sil pat ou patap lòt
    Menm prevwa fon lot ave w

    Continues after the ad

    Bondye te gon plan pou mwen sa se li
    Depi w leuw antre nan vi m nan bae m santi m beni
    M konn se bò kote w mwen gen pou m vyeyi
    Semante si yon joum ta fow mal se pou mwen peri
    Paske m konnen avan ou pat gen moun ki te montre m renmen
    Jodia m di w sa de fas, ke w pa gen anfas
    Se sel pou ou m ye
    Paske m plede goute, m we lanmou pa w la ki pi dou
    Joum pedi santiman, m ap nan gè ak kipidon
    M tap nwaye nan fon tenèb, se ou ki te pran mwen
    Mwen te pran tròp tan pou m te met bag nan menw

    U-u-uuu
    Mwen te pran trop tan pou m te met bag nan menw
    Vle montre w a ki pwen ke mwen renmen w

    O, o o, o o
    O o, o o
    Ou fè ti ke m poze
    Pa pral ankenn lot kote
    O, o o, o o
    O o, o o
    Sil pat ou patap lòt
    Menm prevwa fon lot ave w

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão