GEN MÈT (feat. Vayb & Jude Deslouches)

TROUBLEBOY HITMAKER

    Continúa después del anuncio

    M pa pou vann, m pa pou vann
    Cheri w genlè panse m son w machann
    Ou vle wè m sou kabann
    Men baggy sa baby m paka ladann
    Ou di mwen ou paka tann
    W anvi devore m tankou w moso kann
    M pa pou vann m'pa pou vann
    Men cheri fò w kapab konprann

    Cheri m gen mèt deja
    Pa mete m nan traka
    Cheri m gen mèt deja
    Cheri m gen mèt
    Cheri m gen mèt deja
    Pa mete m nan traka
    Cheri m gen mèt deja
    Cheri m gen mèt

    Pa vin mare pye mwen
    Pa vin deranje mwen cheri
    Pa vin mare pye mwen

    Ou konn pitit mwen w konn madanm mwen
    Pa vin met vye lide nan tèt mwen
    Entansyon w se jwe nan lespri mwen
    (Cheri kite sa la, ann kite sa la)
    Konnen trè byen w mache nan san mwen
    Ou mèt fe sa w vle w paka pou mwen
    Men Cheri ou mèt bliye sa a
    (Ann kite sa la a)

    Cheri m gen mèt deja
    Pa mete m nan traka
    Cheri m gen mèt deja
    Cheri m gen mèt
    Cheri m gen mèt deja
    Pa mete m nan traka
    Cheri m gen mèt deja
    Cheri m gen mèt

    Zafè menaj an plis la (m pa ladann)
    Youn nan west youn nan east la (m pa ladann)
    Sèl fans mwen an vo plis now (m pa ladan)
    Nou pa sou menm tèm, pa vin di’m je t’aime
    Pa vin ban m pwoblèm woy

    Continúa después del anuncio

    Cherie m pa nan fanm deyo

    Baby lè mwen te poukò m
    (Te dim non, ou te dim non)
    Lè mwen te konn ap bat kò m
    (Te dim non, ou te dim non)
    Cheri lè m potko gen mèt
    (Te dim non, ou te dim non)
    Wooo lè mwen te konn ap ba w chèk
    (Te dim non, non)

    Se lè m gen menaj mwen (ou te bezwen m bebe)
    Lè m gen pitit mwen (ou te vle kenbe men m’ bebe)
    Cheri lè m gen boubout mwen (ou te bezwen m bebe)
    Bagay sa konplike, li deranje m ooo

    Se lè m gen menaj mwen (ou te bezwen m bebe)
    Lè m gen pitit mwen (ou te vle kenbe men m’ bebe)
    Cheri lè m gen boubout mwen (ou te bezwen m bebe)
    Bagay sa konplike, li deranje m ooo

    M’pa bezwen w pil ni pakèt, se youn nan m vle
    Yon sèl menaj la sifi nan non Bondye
    Lè m te poukò m ou pat wè m, genlè w pat gen bon je
    Ou te di m ou pat sou sa, ou pa sonje
    M te text ou pat reponn
    M te rele w ou pat reponn
    Kounya m sou liy la a yon lòt
    Pa rele m pap reponn
    Kounya m jwenn sik la nan sèl la
    Se li ki esansyèl la
    Sou latè kou nan syèl la se sèl la

    Zafè menaj an plis la (m pa ladann)
    Youn nan west youn nan east la (m pa ladann)
    Sèl fans mwen an vo plis now (m pa ladan)
    Nou pa sou menm tèm Pa vin di’m je t’aime
    Pa vin ban m pwoblèm woy

    Cherie m pa nan fanm deyo

    Baby lè mwen te poukò m
    (Te dim non, ou te dim non)
    Lè mwen te konn ap bat kò m
    (Te dim non, ou te dim non)
    Cheri lè m potko gen mèt
    (Te dim non, ou te dim non)
    Wooo lè mwen te konn ap ba w chèk
    (Te dim non, non)

    Se lè m gen menaj mwen (ou te bezwen m’ bebe)
    Lè m gen pitit mwen (ou te vle kenbe men m bebe)
    Cheri lè m gen boubout mwen (ou te bezwen m’ bebe)
    Bagay sa konplike, li deranje m ooo
    Se lè m gen menaj mwen (ou te bezwen m’ bebe)
    Lè m gen pitit mwen (ou te vle kenbe men m bebe)
    Cheri lè m gen boubout mwen (ou te bezwen m’ bebe)
    Bagay sa konplike oo

    Cheri m gen mèt deja
    Pa mete m nan traka
    Cheri m gen mèt deja
    Cheri m gen mèt

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión