Mwen La (feat. Magic Touch)

TROUBLEBOY HITMAKER

    Continues after the ad

    Nèg yo fè konplo sou do mwen
    Eseye vann mwen, men yo pa janm ka pran mwen
    Fè liminasyon sou non mwen
    Sòti sou non mwen, chèche'm yo paka jwenn mwen

    Malgre sa'k di (mwen la)
    Malgre sa'k fèt (mwen la)
    Al di mechan yo (mwen la pi rèd)
    Di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
    Al di toutè yo (mwen la)
    Di move plan yo (mwen la toujou)
    Di yo: m la, mwen la, mwen la (yeah)

    Li fè minui, m'paka dòmi (no)
    Sektè la okipe konvre anvayi (woo)
    M' pakonn si pou m priye anwo, jete dlo rele anba
    Pagen kanaval kout tanbou se klatap kata
    Bref sa'm fè? M' pa wè moun yo
    M' pa konn kreyati yo, m' pa annafè avèk yo
    Y'ap plede takinen'm
    Y'ap pèsekite mwen
    Zòt ka eseye detwi'm la, mache blo'm la
    Plede pale mal sou mwen, m' toujou konn sa
    M' te bann tan reflechi pou nou aprann
    Kòz bagay yo gen revè ladan kounya tann paw
    Mesye dam lè'm di'n sa, fò'n poze
    La vi a pa bay chans 2 fwa poze
    Tout sa k anlè yon jou va poze
    (Mmh mmh) fuck them

    Continues after the ad

    Nèg yo fè konplo sou do mwen
    Eseye vann mwen, men yo pa janm ka pran mwen
    Fè liminasyon sou non mwen
    Sòti sou non mwen, chèche'm yo paka jwenn mwen

    Malgre sa'k di (mwen la)
    Malgre sa'k fèt (mwen la)
    Al di mechan yo (mwen la pi rèd)
    Di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
    Al di toutè yo (mwen la)
    Di move plan yo (mwen la toujou)
    Di yo: m la, mwen la, mwen la

    Konplo pi fò pase wanga
    Kòman'n fè konen? Yo pa't nan menm lekòl
    Fouk panta pi gro pase tanga
    Tou 2 se kilòt men diferan modèl
    Menm jan tout DJ gen denon yo, true
    Konsa tout Anj gen Demon yo tou
    Pa janm fe pwomès m paka kenbe
    Peze'm sou kabann, genlè on baka kenbe'm
    Djab vle manje'm, gangster menase'm
    Granni rele'm pou'l mandem kisa'm fè
    Konsyans mwen an pè, so yo paka kenbe'm
    Gentan fache, m' gentan fè pil kòlè
    Yo di'm yo wè zonbi'm sou tèt mòn pikolè
    Lè'w bezwen yon bagay Fò'w leve pi bonè
    Yon sèl sen m' konnen ki genyen sou latè beni
    Nan lestomak fanm yo rele'l 2 tete
    Bondje pap banm chay m' paka pote
    Menm le monde entier ta vle deteste m
    Se dènye fwa sa rive'm, m'aprann vit
    Istwa sa jamè m' pa vle'l repete
    Dantò di'm m pa antò, zafè si'w pa dakò
    Nenpòt jan sa ye non'm dwe respekte

    Malgre sa'k di (mwen la)
    Malgre sa'k fèt (mwen la)
    Al di mechan yo (mwen la pi rèd)
    Di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
    Al di toutè yo (mwen la)
    Di move plan yo (mwen la toujou)

    Song details

    Composition: Troubleboy Hitmaker

    Did you see an error?

    Enviar revisão