Ret Nan Wòl Ou (feat. Baky, Magic Touch)

TROUBLEBOY HITMAKER

    Continúa después del anuncio

    Lontan m te gon ti senp ti cherie nan menm
    Kounya m sezi m wè l tounen atis
    Se ton fanm timid, byen saj, pap pale
    Bon Kounya chak jou l vin sou fè kapris
    Kounya se gran krèy gran lòbèy
    Nenpòt 20 zanno nan zorèy
    Lontan n pat konn nwi pran kamyonèt
    Kounya m tande fanm pa ka pran sòlèy
    Gon nèg ki chanje l nan menm
    E m wè chak jou lap vin pi radi
    Lontan n te konn nan tout club, kounya se Tara's
    E l pa prale sil pa VIP
    Li mande m chanje kay la
    Anba fè twò cho m fè l monte anlè
    Li pat janm te konn naje
    Kounya chak dimanch fò l pran zanmi l monte nan lanmè
    Se ke gon nèg kap envesti
    M ap chache nèg sa fò m mare l kanmè m
    Mesye jis andeyò m al pran w fanm
    Men nèg paup soti pou varye l nan menm
    Bloder kap jere l la
    Pou m ta satisfè fò w ta pran kout bwa
    Gon volim kob yap depanse nan fanm
    Ou pou w ta ka fè tou fòw ta nan pouvwa
    Men m pap janm ka kite l pou ou
    M pral fè w poze w m'ap fout fè eksprè
    Lajan wap bay la m'ap manjel
    E m pral nan peyanm lè m tounen wap fout fè respè w

    Se fanm sa ou vle gate ban m nan
    Madanm mwen pa konsa twò lontan
    Lè m cheke ougan l di m s on sanzafe kap blo m
    M konnen wape pran nouvèl la m tou di w
    Blòde ret nan wòl ou
    Ti lepè ret nan wòl ou
    Diaspora ret nan wòl ou
    Monchè ret nan wòl ou

    Continúa después del anuncio

    M ta ti mennaj mwen byen senp
    Bèl tifi très jolie
    Nou tap menn on ti vi byen senp
    Ak sa n genyen san fè foli
    M te back up li te computer
    M te computer l te back up
    M te clavye l te ekran, m te souri
    En un mot, n met ansanm f on bèl laptop
    Rete m rete, laptop pran virus
    Li di pou l ret avèm fò m viv k on ti rich
    K on ti rich, k on ti rich
    Li di pou l ret avèm fò m viv k on ti rich
    Manzè te konn laloz kounya nan tout program
    Se dab, li danse epi Nae, Nae
    S on lepè ki lakoz li fè VIP tab
    Konsal vle trip lè l ap selebre
    Ou fin gate fanm mwen mpap kitel pou ou
    E m pa pè lanmò m s on capois
    M pa nèg kapital m se nèg andeyò
    Men m si w la depi m la se mwen kap roi-
    Lè m sot nan peyanm m'ap kraze fanmò w
    M'ap manje m'ap bwè ak tout dessert
    Ni ma tante ni cousine, ni ti fanm sou kote
    San m pa bliye m ap kraze tou 2 sè w

    Se fanm sa ou vle gate ban m nan
    Madanm mwen pa konsa twò lontan
    Lè m cheke ougan l di m s on sanzafe kap blo m
    M konnen wape pran nouvèl la m tou di w
    Blòde ret nan wòl ou
    Ti lepè ret nan wòl ou
    Diaspora ret nan wòl ou
    Monchè ret nan wòl ou

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión