Saw Konnen An

TROUBLEBOY HITMAKER

    Continúa después del anuncio

    Kite yo imajine sa yo vle
    Se pa tout chen ki jape pou'w vire
    Mete fòs pou'w vanse nan mitan yo
    Vanse nan mitan yo
    Met kouraj pou'w vanse nan mitan yo
    Vanse nan mitan yo
    Y'eseye fè'm yo paka fè'm mache di se mwen kap fè yo
    Y'ap bay manti sou dom poutan plen fo moun ki kwè yo
    M' mache ak kòb boutey mwen poum pa kole bouch nan vè yo
    Toujou pran prekosyon pou non'm pa site nan vèy yo

    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou

    Di djab bonjou l'ap manje'w, pa dil bonjou lap manje'w
    Di djab bonjou l'ap manje'w, pa dil bonjou lap manje'w
    Djab don't get me wrong
    Djab don't get me wrong
    Di djab bonjou l'ap manje'w, pa dil bonjou lap manje'w
    Di djab bonjou l'ap manje'w, pa dil bonjou lap manje'w
    Djab don't get me wrong
    Djab don't get me wrong

    Continúa después del anuncio

    Nou pa kwè sa'k vre, nou kwè sa'n vle
    Fè moun sòt pase pou save
    Nou pran bouch nou pou'n di sa'n vle
    Pran verite moun pou fè salte
    Nou pa kwè nan silans
    Nou kwè nan bri pito
    Mwen m' kenbe'n nan ti lans
    Paske'm prefere viv pito
    Nenpòt sa'k monte ka desann
    Sinon tout mwa t'ap mwa desann
    Si tout fwa'm tonbe, ou mèt ret tann
    M'ap leve ak fòs byen djanm
    Tonbe toujou fasil, se leve a'k pi di
    Poutan lè'm leve nan dòmi, pou'm pipi m'wè devan'm tou di

    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou
    Sa'w konnen an, m' konnen'l tou
    Sa'w ka fè a, m' ka fè'l tou

    Chak bourik ranni, nan patiraj a yo
    Chen gen kat pye, li pa fè kat chemen
    Sa'w swete pou bèlmè'w, e manman'w li rive
    Byen pre pa lakay, adje pinga'w panse'w rive
    Chak bourik ranni, nan patiraj a yo
    Chen gen kat pye, li pa fè kat chemen
    Sa'w swete pou bèlmè'w, e manman'w li rive
    Byen pre pa lakay, adje pinga'w panse'w rive

    Información de la canción

    Composición: Troubleboy Hitmaker

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión