Continúa después del anuncio

    Depi lè'm sot pase vakans kay parenn nan m'pa alèz
    Depi lè'l te fòse'm fè ti jwet la, m tou santon m alèz
    M eseye di manmie, m pa pral ankò li di'm two alèz, li di se byenm byen
    Pitol te mwen m parèt ak tout chèz
    Mwen santi'm pou kòm, menm profese lekòl yo di'm sou fom
    Yo di'm pa sou lekòl ankò, yo gade'm yo di'm vo plis
    M pa menm ka esplike sa m santi yo, m'pa ka focus
    M santi'm nan yon mond pou kòm, pa gon moun ki aksepte'm
    Antanke timoun m'pa gen dwa pale, sinon yap sabote'm
    Ah ki pwoblèm pouw genyen? Hein
    Pa ganyen sou kont mwen
    Yo pa banm leve lejè ni lou, sa yo banm se liv mwen
    M'ap senyen anndan, menm m'pa jwenn kouraj pale
    E manmanm pa gen mwayen, so se sa parenn di'k pase

    En plis m pa malad nan kò
    M santi'm puni, sanm pa antò
    Pa gon pwoblèm fizik, wanfòm
    Peyi'm yo pa mèt tèt nan kò
    Bò kot parenn pou m ta alèz
    Men se le sa m bezwen ranfò

    Dilèm!

    Mwen menm antanke manman
    M fè tout sam te kapab pou m pran kaw
    E se mwen sel kòm paran, m'sibi de absans papaw
    Men malgre tout sa ou montre'm ou pa konprann tout efò'm fè
    Chak jou se pwoblèm, sou pwoblèm w'ap banm em konn se esprew fè
    Tout sa m di'w pa tande'm
    Ou konnenm pa ganyen nan menm
    M voye'w al kay parenn ou, pou m ralon souf, ou vle manje'm
    Poukisa w ekate?
    M fè tout efò pou w alèz, abiye w, baw manje, e malgre sal toujou pa ase

    Continúa después del anuncio

    Chak jou son sèl chanson
    Menm lekòl la'w pa fè bèl nòt ankò
    Apre mwen yo pral wè k pa responsab? Hein
    Di'm non kilòt ankò?
    Ou pa fe maladi doktè
    Mwen menm rive met pyem deyo tou
    Si m okipe'w, w'ap fè'm fe kè
    M pap vin kite w fè'm pa w'on lòt jou

    Mwen bouke pale, m bouke mache, m bouke voye baton
    M bouke kriye, m bouke priye, mwen bezw'on solisyon
    Se tonkou w n'on misyon pou rann lavi m enposib
    M'ap voyo w bay parenn ou nèt, se mwen k granmoun de toute fason

    M anvi fè konesans avè'm
    M gen lontan m'pa rekonèt tèt mwen
    Chak jou, m vann yon imaj tout moun konnen
    Men se pa mwen tèt, mwen pa match a kèm
    Demwazèl ki nan miwa son etranje pou mwen
    M'ap fè sanblan chak jou m'pa ka onèt
    Mwen nan je w m parèt bel, manfom, ou banm bel akolad, a kiss
    W achte mizik mwen, patage èv mwen, vini nan show mwen yo ak plis
    Mwen apresye'w, menm konn kache'w, se pa paske mwen twò atis
    Men se paske depi a 11 zan m'ap viv ak yon tromatis

    Mwen deprime e se pa depi dat, depi primè
    M pat ka exprime m okenn zorey pat prè, pat gen yon proch
    Sou sam te konte k te ka ede'm yo di'm prone banbòch
    Yo te fè'm santi'm tèlman ba, tèt pam ankò m toblije flòsh

    Lavi m ton veritab dram
    Pandan m tou piti, manmie voye'm nan vakans
    Malerezman, parenn trete'm tank'on dam

    Lè'm vin pi gran pou m pa pale
    Se pa de presyon m pran
    Menm si m ta vle denonse, m pat gen vwa, so depresyon pranm

    Dilèm!
    Depresyon reyèl
    Chak nan nou gen chans pa nou

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas