Ayibobo

Wendyyy

    Continúa después del anuncio

    Mw vinn raple′w kiyès ou ye men pate jan ti blan kite'w
    Mw vinn raplew valè′w paske'm wè'l fè yon titan kite′w
    Ou kontamine san′w gen venin fò'w konn ki dan k pike′w
    Premye pèp nwa k libere, wi se sak idantite'w
    Mw vinn raple nou ke nou dwe fière, ke nou dwe frè
    Et nou lib donk se sa nou vle nou dwe fè
    N′ap soufri lontan menn pat travay pou doulè sa
    Yo dwe respekte nou paske n te batay pou koulè sa
    Mw vinn raple'w ke nou se klou kolon et yo se mato
    Yo la pou ofanse n bann manje KK pou gato
    Mw vinn raplew ke endepandans nou an se pa yon kado
    Raple'w tou ke'w se moun tou koulè po'w pa dwe yon fado
    (Kounnya se lè pou n leve kanpe) Plan revolisyon an fenk trase
    Nou pral fè yo respekte dwa nou san tèt kase (tèt kase)
    Nou di non nou pap sibi ankò
    Mèt vwa nou ansanm
    Ouvè gagann nou pou n di c'est assez

    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo

    Continúa después del anuncio

    Sa fè lontan n′ap plante nou pa jwenn ase fri
    Li lè pou n jwenn ze a bouyi nou manje'l ase fri
    Nou t esklav zanset yo te goumen pou n pase free
    Kounnya ann kanpe pou n fè yo fas nou ase fri
    Nou pat janm chwazi viv konsa pwoblèm peyi a pat janm fòt nou
    Je nou klè kounnya donk bann vòlè yo pap jwenn vòt nou
    Yap ranpli pòch yo nou menm lè n grangou nap rele laba
    Nou pap pran belle paròl lè n finn vote pou n rele aba
    Nou di NON, nou dwe viv tou, donk moun pap vinn prije nou
    NON, pagen okenn f*cking kolon kap vinn drive nou
    Nou di NON, e nou kanpe dèyè′l anyen pap vinn rive nou
    Nou di NON, tè sa se pa nou pa gen moun kap vinn rive nou
    Leve kanpe mare pwen'w
    Jou revolisyon an rive so mare ren′w
    Nou pat goumen pou libète a sèlman nan papye
    Ann revandike pou yo sispann pase dwa nou anba pye

    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo
    Ayibobo, ayibobo
    Ayibo-, ayibo-, ayibobo

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas