Fèl Konfyans

Wendyyy

    Continúa después del anuncio

    Menm si w wè nan lavi w pa chanse
    Menm si w wè tout sa w fè w pa vanse
    Menm si pwoblèm vle fè w panse a kòd la
    Rete konfyan e just panse a God la
    Li gen on plan pou ou
    Menm si w wè tout moun kont ou l ap toujou pran pou ou
    E pa janm give up menm si lavi gon w dan pou ou
    Leve tèt ou rele l l ap toujou gen tan pou ou
    Just kontante w a sa w genyen frè m, kontante w de viv
    Lè w pa ka Mennen frè m kontante w de swiv
    Kontante w de pe, kontante w de ou
    Lè w pa ka posede lò frè m kontante w de kwiv
    E pa fòse lavi frè m pran l nenpòt jan l vini
    Avni w gentan trase, pran l nenpòt jan l fini
    Menm si w wè yo imilye w tout moun ap voye je sou ou
    Pa bliye g on moun ki la k ap voye je sou ou, fè l konfyans

    Menm si pwoblèm fè w anvi kriye
    Menm si de lè w anvi bliye
    Gen on jan k va pou ou pou w briye
    Just met jenou w atè pou w priye

    Fè l konfyans
    Fè l konfyans
    Fè l konfyans
    Just fè l konfyans

    Continúa después del anuncio

    Menm si w ta wè nwa sikonstans fè w mande pann
    Met konfyans ou nan li paske w avni w an depann
    Menm si pa gen espwa pou sa w bezwen an tante prann
    Konfye l tout sa w ap fè e tout sa w ap antreprann
    Fè l konfyans tout kote, fè l konfyans nan tout sans
    Fè l konfyans lè w serye, fè l konfyans nan tout rans

    Se li k pou ba w soulajman lè w santi w nan soufrans
    E si li k ap travay lè w panse se kou chans
    Li ba w mwayen pou w viv e gen sa ki pa gen yon goud
    Chak jou ou bwè dlo e gen sa ki pa jwenn yon gout
    Li ka fè w ka manje on pen e gen sa ki pa jwenn yon bout
    Met konfyans ou nan li e pa g on jou w ap jwenn you dout
    Lè l ba ou l pa mezire, li ba ou nèt li pa prete w
    Lè satan vle kondane w, sèl li menm ki ka prete w
    E menm lè w wè w echwe pa febli re eseye
    Toujou ret konfyan menm lè w wè w dezespere, fè l konfyans

    Menm si pwoblèm fè w anvi kriye
    Menm si de lè w anvi bliye
    Gen on jan k va pou ou pou w briye
    Just met jenou w atè pou w priye

    Fè l konfyans
    Fè l konfyans
    Fè l konfyans
    Just fè l konfyans

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión