Anyen Pared

Zenglen

    Continúa después del anuncio

    Gen bagay ou pa dwe janm bay atansyon
    Gen de bagay fò ou reyize w
    Fenmen je w' sou yo
    Ou gen ase sou do w' ou pa wè klè
    Alewè sa y'ap di sou ou ki se des faits divers
    G'on moman ki rive fòk ou vag kou reken
    Fòk ou kite l' mache pa twò panse anyen
    Tout solution yo la nan men Bondye
    Gade zanmi, jere sa w' kapab epi kite l' mache

    Pa bay tèt ou stress pou sa w' pa ka kontwole
    Fokus sou sa w' gen kontwòl la
    Bay granmèt la rès la
    M' pa di pou toutan w' relax men kite l' mache
    Pa di m' ou toujou sou pression
    Men s'on depression

    Genyen ou pa okouran
    Yo just pran w' mete w' ladan l
    Jere sa w' ka jere
    Lage rès la nan men Bondye
    Lè yo pa pale w' mal
    Se lè w' pap regle anyen
    Zanmi rete ak tèt ou klè
    Pou w' kapab viv anpè

    Pa bay tèt ou stress pou sa w' pa ka kontwole
    Fokus sou sa w' gen kontwòl la
    Bay granmèt la rès la
    M' pa di pou toutan w' relax men kite l' mache
    Pa di m' ou toujou sou pression
    Men s'on depression

    Continúa después del anuncio

    Bagay sa pa regade m'
    Koze sa pa regade m
    Bagay sa pa regade m'
    Koze sa pa regade m

    He said, she said, whatever they say (yo!)
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Sa y'ap di a yo just pran w' mete w' ladan l'
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Brother, dèfwa fòk ou vag kou reken
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Viv nan reyalite a, pa ba yo regle anyen
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd

    Bagay sa pa regade m'
    Koze sa pa regade m
    Bagay sa pa regade m'
    Koze sa pa regade m

    He said, she said, whatever they say (yo!)
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Sa y'ap di a yo just pran w' mete w' ladan l'
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Brother, dèfwa fòk ou vag kou reken
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd
    Viv nan reyalite a, pa ba yo regle anyen
    Anyen pa rèd, Anyen pa rèd

    Presyon sou presyon
    Stress ka touye w'
    Jere sa w' ka jere
    Epi kite l' mache
    Presyon sou presyon
    Stress ka touye w'
    Jere sa w' ka jere
    Epi kite l' mache

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión