B.S. Production (feat. Gracia Delva)

Zenglen

    Continúa después del anuncio

    Se nan bouch moun nou tande ke Zenglen pral performé
    Promoteur a deside san jazz la pa confirmé
    Li di music sa pot kòb
    Promoteur se yon bon job
    Pendant ce temps l'ap detwi reputation tout jazz yo
    Fanatik debake: Promoteur nou vin danse jazz la
    Yo fè deplasman, moun yo peye lajan
    Pa menm gen instrument
    Promoteur nou vin danse jazz la
    Se lè sa l' mande manager jazz la negosye
    Manager, konn sa w'ap fè a tande, anh!

    Ouh! Se nou k' toujou subi
    Promoteur suspan fè nou abi
    Public la pa konnen, jan gen nan nou k' koken
    Des fois li mal aji
    Promoteur suspan fè nou abi
    Des fois n'oblije jwe pou reputation n' pa gache

    (Ann chante) B.S. production show me some actions
    Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
    Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
    Public la fache, jazz la afekte
    B.S. production show me some actions (show me actions)
    Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
    Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
    Public la fache, jazz la afekte

    Woyy! Moun yo fè deplasman, moun yo peye lajan
    Pa menm gen instrument
    Jazz la pa prezante
    Si bagay yo pa klè
    Se fòt ou promoteur
    Yo di jazz la pa sérieux, se Zenglen ki afekte

    Continúa después del anuncio

    B.S. production show me some actions (show me actions)
    Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (oh non)
    Lè w' ekspoze jazz la (se vre wi) san w' pa menm gen kontra
    Public la fache, jazz la afekte

    Si w' pa vle pran mach eskalye a, w'a pran ascenceur a
    Paske nou menm se la n' ye, anlè a, anlè a
    Mais qu'est-ce qui se passe au second étage?
    Se Zenglen chéri k'ape mate kompa

    B.S. production, pa fè sa a, a
    B.S. production, pa fè sa

    Lontan, lè w' jwe music yo trete w' de tafyatè
    Lontan, lè w' jwe kompa, t'es le plus sal des va-nu-pieds
    San yo pa konnen, se nou ki bay lanmou
    San yo pa konnen, lè w' met lajwa nan kè yo
    You musicien l' s'on instrument indispensable a la nati
    Se nou k' ka soulaje, tristès move moman yo
    Ou fè m' jwe ou pa peye m'
    W'ap di m' atis yo mouri pòv
    Olye w'acht'on CD, ou pito fè mil kopi
    Ou dwe reyalize s'on B.S. production ki la pou eksplwate n'
    Anpeche nou avanse
    Bagay yo gen pou chanje, ou te mèt kwè m' si w' vle
    Lè sa n'a pwogrese, n'a remèsye Bondye o, wowowo

    B.S. production show me some actions (show me actions)
    Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (non no)
    Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
    Public la fache (public la fache) jazz la afekte
    B.S. production show me some actions
    Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
    Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
    Public la fache, jazz la afekte

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión