Don’t Let Go

Zenglen

    Continúa después del anuncio

    Lanmou fe zotey lonje, Konsa li fe je koule
    Li fe gen moun ki egziste pandan kouran vi yo koupe
    Li ka fe lanej tonbe pandan soley ap briye
    Lanmou fe granmoun tounen bebe
    Ooooo nan tout jounal sou tout paj se de sa yo pale
    Poukisa pifo maryaj jodia pa dire
    Olye n chwazi reziye n, pouki n pa eseye
    Kenbe lanmou nan de pye, pou nou sove fwaye
    Lè madanm nan move tan l, m al chache konsey paran
    Mande manman papa m kijan ane sa fe yo 35 an
    Yo di mwen pa gen sekre, kit li dous kit li anme
    Nan lanmou fo w toujou pre pou w goumen

    Ooooo nan tout jounal sou tout paj se de sa yo pale
    Poukisa pifo maryaj jodia pa dire
    Olye n chwazi reziye n, pouki n pa eseye
    Kenbe lanmou nan de pye, pou nou sove fwaye
    Don't let go (don't let go)
    Don’t let go of your love

    Pa kite mennaj ou pou nenpot bagay
    La vie n’est pas parfaite, elle est pleine de defaite
    Lanmou fe dlo bouyi sot nan frijide
    Zanmi se pa manti m ap fe
    Li ka fe dlo glase soti nan chodyè lanfè

    Continúa después del anuncio

    Granmoun lontan te konn di cheri
    Te toujou gen ti vyolans ti joure
    Men kijan fe yo te kenbe
    Paske yo te kwe nan lanmou
    Pa gen pwoblem san solisyon
    Pete kouri pa yon opsyon
    Paske relasyon se konsesyon

    Pa kite mari a ou pou nenpot bagay
    La vie n’est pas parfaite, elle est faite de defaite
    Lanmou fe dlo bouyi sot nan frijide
    Zanmi se pa manti m ap fe
    Li ka fe dlo glase soti nan chodye lanfe

    Te konn gen ti pachat
    Ti jwet chen ak chat
    Pa gen anyen k vreman chanje
    Selman ogey nou ki te prime
    Lobey te konn pete
    Apresa li jere
    Avan anyen, oh wi m ka fe mieux
    Sa rann timoun yo malelve

    Granmoun lontan te konn di cheri
    Te toujou gen ti vyolans ti joure
    Men kijan fe yo te kenbe
    Paske yo te kwe nan lanmou
    Pa gen pwoblem san solisyon
    Pete kouri pa yon opsyon
    Paske relasyon se konsesyon

    Te konn gen ti pachat
    Ti jwet chen ak chat
    Pa gen anyen k vreman chanje
    Selman ogey nou ki te prime
    Lobey te konn pete
    Apresa li jere
    Avan anyen, oh wi m ka fe mieux
    Sa rann timoun yo malelve

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión