Flannè Femèl (feat. Gracia Delva)

Zenglen

    Continúa después del anuncio

    Ouh! You're in trouble
    Mezanmi! Yo pran m'

    Challenge bb a mwen di w' mesye
    Challenge madanm ou pou l' pa dedouble
    Konnen mennaj ou avan w' marye
    Sa ka ede w' detekte vis kache

    Lontan lò soti ak mennaj ou, ou oblije ap surveye
    Flannè k'ape tcheke, flannè k'ape blage
    Kounya bagay yo chanje, les chose sont devenues nouvelles
    Paske gen flannè mal et gen flannè femèl
    Apò sezi?

    Challenge bb a mwen di w' mesye
    Challenge madanm ou pou l' pa dedouble
    Konnen mennaj ou avan w' marye
    Sa ka ede w' detekte vis kache

    Continúa después del anuncio

    Vendredi swa m' soti ak boubout mwen
    Week-end lan bèl m'anvi danse zenglen
    Pandan m'ap byen dodo
    You bb frape m' nan do
    Manmzèl estomake, li di
    Se a mennaj mwen wi w'ap danse? (M' pa janm sezi konsa)
    M' mande madanm mwen kesyon
    Li di m' piga l ba l' presyon
    Depi l' te demwazèl
    Li renmen flannè femèl

    M' pa gen pwoblèm a sa non
    Men cheri fò m' konnen
    M ta byen renmen ladan l' tou

    Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou)
    Ou ka panse l' fidèl
    Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl)
    Avan w' kouri marye chèche konnen boubout ou (konnen boubout ou)
    Ou ka panse l' fidèl
    Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl)
    Oyy! Eksperyans mwen s'on leson
    Leson pou tout jèn gason
    Janm panse m' te macho
    Gad jan m' t'ap fè zero
    Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou)
    Ou ka panse l' fidèl
    Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl)

    Ay manman!
    Ay manman!
    Flannè femèl anvayi jazz la (ay manman!)
    Epi yo look good (ay manman!) toutan! (Ay manman!)
    Yes aya!
    Ay manman!
    Ay manman!

    Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye
    Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa
    Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye
    Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche
    Se pou nou di m' ki kote brutus te marye (se nan zenglen)
    Se pou nou di m' ki kote richie fiancé (se nan zenglen)
    Se pou nou di m' ki kote eddie te marye (se nan zenglen)
    Se pou nou di m' ki kote ernst b. Fiancé woy (se nan zenglen)

    Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye
    Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa
    Yo di zenglen s'on religion moun damou, moun marye
    Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche
    Se pou nou di m' ki kote alan pral marye (se nan zenglen)
    Se pou nou di m' ki kote nicky fiyanse (se nan zenglen)
    Paske se nan jazz sa ke fanm ka trouve nonm et nonm ka trouve fanm, mwen di fanm ka twouve fanm
    Yo di se nan zenglen ke fanm ka trouve nonm et nonm ka trouve fanm et fanm ka trouve fanm

    Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou)
    Ou ka panse l' fidèl
    Poutan l' s'on flannè femèl (s'on flannè femèl)
    Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou (konnen mennaj ou)
    Ou ka panse l' fidèl
    Poutan l' s'on flannè femèl

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión