Stop (Bay Moune Tèt Yo)

Zenglen

    Continúa después del anuncio

    Yo chita la ap pale byen fò
    Yo tout gen rezon to tout gen tò
    Yo tout ap pale ansanm
    Sanble ni youn ni lòt pa konprann
    Nan repete diskou ansyen
    De mo fransè k' pa vle di anyen
    Yo lage nou nan kouri
    Tout you pèp nan peripesi
    Jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa
    Nou pa janm ka kriye viktwa
    Ba moun tèt yo, kite moun an repo

    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)

    Y'ap di yo endependan
    Men tout sa k' pou fèt y'ap tann kolon blan
    Pale de demokrasi
    Epoutan yo pa konn sal' vle di
    Rele tèt yo dirijan
    Opozisyon, mouche leta
    Bliye diyite pèp sa, jodi a ki nan fatra
    Jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa
    Nou pa janm ka kriye viktwa
    Ba moun tèt yo, kite moun en repo

    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)
    Bay moun tèt yo (tèt yo)

    Continúa después del anuncio

    Gad jan sa fè mal o
    Yo bann move zen, yo bann malfèktè
    Gad jan sa fè mal o
    Fè bò isit la tounen you dezè
    Gad jan sa fè mal o
    Gad jan sa fè m' mal yo kraze tout katye m
    Gad jan sa fè mal o

    Sispann
    Di w' gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann
    Sispann
    Pale de rekonstwi peyi isi
    Jenès la pa gen avni
    Sispann
    Pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen
    Ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum

    Gad jan sa fè mal o
    Olye yo preche lanmou, yo pito vole lougawou
    Gad jan sa fè mal o

    Sispann
    Di w' gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann
    Sispann
    Pale de rekonstwi peyi isi
    Jenès la pa gen avni
    Sispann
    Pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen
    Ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum

    Jodi a se you istwa, demen yon lòt istwa
    You pèp Kita-Nago, toujou anba chenn anbago

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión