Lòk Bit (Trak Bonis)

Zo Polo

    Continúa después del anuncio

    Benkele
    Pote kadna, nou pral lock
    Mic controller ankò
    Yeah! Ok!

    Anpil tèm, deba sou sistèm
    Mayi krèm, kriz kè, tout sispèk yo rete
    Foure dwèt drèt nan bouda ekonomi peyi m
    Tankou kristè ebyen n ap koupe tèt trèt

    Boule kay, detay, koupe twal
    Politisyen san retay ki kache anba pay k ap tete
    Si w vle ba w rap pour le bras koule ba
    Anba bal pandan n chaje kou legba

    5000 htg galon gaz ap vann ra gagann
    Lavi chè kenbe n, mizè a menm ap konyen n ak sapatann
    Nan trip nou kawotchou ap boule Haiti ap koule
    Domaj nèg yo se kaptenn anba kabann

    Continúa después del anuncio

    M paka tann pou nou mache pran yo
    Nan panno apiye yo, fann po yo ak danno
    Bann foli blan yo, move plan yo
    Montre yo koulè san yo, pann yo
    Aprann yo respekte n!

    An nou kesyone
    Krim yo n pap kosyone
    Konsome san pyajè sa yo e san kontwole
    Lock beat, lock beat la
    Lock beat, lock beat la

    An nou kesyone
    Krim yo n pap kosyone
    Konsome san pyajè sa yo e san kontwole
    Lock beat, lock beat la
    Lock beat, lock beat la

    Depase lasyans
    Pa bezwen chan desperyans
    Ekspè rans fèmen djòl ou nou ayiti ou lafrans
    Lock beat, lock beat la
    Lock beat, lock beat la

    Depase lasyans
    Pa bezwen chan desperyans
    Ekspè rans fèmen djòl ou nou ayiti ou lafrans
    Lock beat, lock beat la
    Lock beat, lock beat la

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión