RAP-L

Zo Polo

    Continúa después del anuncio

    Rapport 27 octobre 2019
    1h du matin, devan ekran m’
    Check it!
    Rap Espwa Slogan Kreyòl Pozitif

    Anpil refleksyon fèt: M’ deside pran plim pou m’ ekri
    Apre tou se sèl zam m’ posede sèl manyè pou m’ dekri
    Toujou anfas yon paj blanch, pote mesaj se sa k’ ban m’
    Motivayon m’, kite m’ raple n’ ke se pa pou hit m’ap ekri

    Haiti: Si m’ chwazi w’ kòm sijè se paske m’ endiye
    Se paske m’ touche, m’ap kouche kèk ide pou m’ pa kriye
    Prèske tout zòn se ensekirite k’apwopriye l’
    Vi makiye: Pa sèl nan ghetto moun sou moun akokiye

    M’ pa dispoze anpil tan so m’ap dirèk
    Anpil kran san tabou sou tanbou, anpil nan
    Reyalite yo se fòt nou men nan tèt nou s’on pil blan
    Ki koze yo, n’a ekskize m’ si tèks la pa byen structuré

    Depi kilè tou tèks te prewokipasyon nou?
    Gad sa n’ fè de mizik, nou prè donk isi pou nou ka reyisi
    Chante tout tèm? Yon tas de critique
    Sou fanm, on rabòday, on bann trap san sèvèl se yo k’ gen yon tas de visi-

    Continúa después del anuncio

    -Bilité: Pou fè ti jèn yo deprave
    Kite mele m’ si yo rayi m’? M’ konnen petèt m’ap fè kòve
    Men fò m’ di l’ pwiske m’ wè tout gran yo fèmen bouch yo
    Sa k’ fè pòz pa konprann, sa k’ jis chwazi l’, mete l’ kòm touch yo

    BREF: Prèsk’an 2020 bezwen de baz yo se luxe
    Pil tan ap travay pa g’on bekàn voire si w’ t’a g’on hilux
    Koze kay pou n’ anfème tèt chaje imaj yo trè sal
    Pa panse ke y’ap bèl menm si n’ t’a pran yo nan men LUX

    Almay fete 32 zan elekstrisite san koupi
    Nou n’ap kwoupi wè si n’ t’a elektrifye nan 32 zan
    Repòtè ak jounalis pran plezi bay fo enfo
    N’ap enpòte tout zagribay ekspòte men dèv ak sèvo

    Mesye se sa n’ rele peyi a?
    Matyè toupatou pa gen poubèl menm nan meri a
    Tout tarif k’ap met sou transpò leta pa okouran?
    Yo pa konnen ke tout bwa n’ yo fin koupe pou fè chabon?

    Mwen pa vin atardé, tèks sa se jis yon rapèl
    Ke m’ pa tand’on bon track souvan lòt kote ke sou yon tel
    Portable, menm si y’ap di w’ tèks ou a mortel
    Yo pap woule l’ si tèks sila a pap pale de bordel

    Mais Bordel! KA A GRAV
    Parler d’Haiti consiste presqu’à parler d’un cadavre
    Lekòl ap fè 0% pandan des ans san fèmen
    Alòske y’ap voye plis ke 20 timoun nan egzamen

    Kòman w’ t’a vle pou bagay sa yo pa kwoke nan gòj mwen?
    Kòman w’ t’a vle pou se pou rad pou m’ t’ap deplwaye gòj mwen?
    Sinon ke rad ke anpil timoun pa jwenn pou yo mete
    Kòman w’ t’a vle pou m’ap fè (Sku Sku) pou m’ap fè malpwòpte?

    Chante tenten se sa k’ lari a?
    Demantle edikasyon jamè n’ pap jan m’ genyen pari a
    N’ap jis gen notoryete pandan n’ap rete sòt
    Nou pap f’on pa kòm peyi n’ap jis ret depandan de lòt
    Rappel!

    Yo M’ pa vin eksplike anyen ou konprann sa m’ di w’ la?
    M’ jis vin raple n’ de sa k’ap pase nan peyi a pou n’ pa bliye l’
    Perfect koud beat la, Zo Polo kontwole mikwo a
    Sky C, Hebert Le Grand
    Kofy, Redjee
    Will G Zoe, Perfect Music Empire
    Bagay yo just lèd man
    Bagay yo just lèd man
    Asfiksy, Mic Controller ankò
    R.E.S.K.P. for life
    I’m out!

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas