Rapport 27 octobre 2019 1h du matin, devan ekran m’ Check it! Rap Espwa Slogan Kreyòl Pozitif Anpil refleksyon fèt: M’ deside pran plim pou m’ ekri Apre tou se sèl zam m’ posede sèl manyè pou m’ dekri Toujou anfas yon paj blanch, pote mesaj se sa k’ ban m’ Motivayon m’, kite m’ raple n’ ke se pa pou hit m’ap ekri Haiti: Si m’ chwazi w’ kòm sijè se paske m’ endiye Se paske m’ touche, m’ap kouche kèk ide pou m’ pa kriye Prèske tout zòn se ensekirite k’apwopriye l’ Vi makiye: Pa sèl nan ghetto moun sou moun akokiye M’ pa dispoze anpil tan so m’ap dirèk Anpil kran san tabou sou tanbou, anpil nan Reyalite yo se fòt nou men nan tèt nou s’on pil blan Ki koze yo, n’a ekskize m’ si tèks la pa byen structuré Depi kilè tou tèks te prewokipasyon nou? Gad sa n’ fè de mizik, nou prè donk isi pou nou ka reyisi Chante tout tèm? Yon tas de critique Sou fanm, on rabòday, on bann trap san sèvèl se yo k’ gen yon tas de visi- -Bilité: Pou fè ti jèn yo deprave Kite mele m’ si yo rayi m’? M’ konnen petèt m’ap fè kòve Men fò m’ di l’ pwiske m’ wè tout gran yo fèmen bouch yo Sa k’ fè pòz pa konprann, sa k’ jis chwazi l’, mete l’ kòm touch yo BREF: Prèsk’an 2020 bezwen de baz yo se luxe Pil tan ap travay pa g’on bekàn voire si w’ t’a g’on hilux Koze kay pou n’ anfème tèt chaje imaj yo trè sal Pa panse ke y’ap bèl menm si n’ t’a pran yo nan men LUX Almay fete 32 zan elekstrisite san koupi Nou n’ap kwoupi wè si n’ t’a elektrifye nan 32 zan Repòtè ak jounalis pran plezi bay fo enfo N’ap enpòte tout zagribay ekspòte men dèv ak sèvo Mesye se sa n’ rele peyi a? Matyè toupatou pa gen poubèl menm nan meri a Tout tarif k’ap met sou transpò leta pa okouran? Yo pa konnen ke tout bwa n’ yo fin koupe pou fè chabon? Mwen pa vin atardé, tèks sa se jis yon rapèl Ke m’ pa tand’on bon track souvan lòt kote ke sou yon tel Portable, menm si y’ap di w’ tèks ou a mortel Yo pap woule l’ si tèks sila a pap pale de bordel Mais Bordel! KA A GRAV Parler d’Haiti consiste presqu’à parler d’un cadavre Lekòl ap fè 0% pandan des ans san fèmen Alòske y’ap voye plis ke 20 timoun nan egzamen Kòman w’ t’a vle pou bagay sa yo pa kwoke nan gòj mwen? Kòman w’ t’a vle pou se pou rad pou m’ t’ap deplwaye gòj mwen? Sinon ke rad ke anpil timoun pa jwenn pou yo mete Kòman w’ t’a vle pou m’ap fè (Sku Sku) pou m’ap fè malpwòpte? Chante tenten se sa k’ lari a? Demantle edikasyon jamè n’ pap jan m’ genyen pari a N’ap jis gen notoryete pandan n’ap rete sòt Nou pap f’on pa kòm peyi n’ap jis ret depandan de lòt Rappel! Yo M’ pa vin eksplike anyen ou konprann sa m’ di w’ la? M’ jis vin raple n’ de sa k’ap pase nan peyi a pou n’ pa bliye l’ Perfect koud beat la, Zo Polo kontwole mikwo a Sky C, Hebert Le Grand Kofy, Redjee Will G Zoe, Perfect Music Empire Bagay yo just lèd man Bagay yo just lèd man Asfiksy, Mic Controller ankò R.E.S.K.P. for life I’m out!