Cifra Club

Nou tout ka pran (feat. Walkens)

Barikad Crew

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Pa janm konnen kòman sa pwal pase
Ou ka byen cool yon bon maten w leve
Kontan poutan
Demen san w pa t panse ou tonbe
Sof ke ou pa sispan respire
Paske se sa k lanmou
Ou mèt atann ou
Li ka frape w byen fò jis andedan ou

Menm jan w oryante w nan wout
Rive nan mitan w wèl bout
Renmen yon moun ak tout oumenm san jamè w pat gen pyès dout
Rezilta ou si tèt ou fèb lavi pa ou deja kout
Lanmò pap pran m young ak djab ankò
M pap vann nanm mwen
Remò pap pran m pou san m se ou k t ap koule nan venn mwen
Yeah! Maybe pwojè w se te fuck me up
Sorry baby, zanmi m te la pou wake me up
M pap bliye w sûr, tout fwa m ta rive jwen yon lòt
Si se pou byen ou byen on mal ke volonte Bondye fèt
E pou renmen ou s on zam fal konnen ou girl te yon defèt
Ou relem jalou lougawou
Ou vole pi wo ke avyon
Kote moral ou pou damou
An gwo ou se yon pwazon
Kisa m te manke bawou
Eske se love?
Sak fè w fè saw fè a tou
Paske m te pòv
Di m sa w te gen nan tèt ou
Pou w te fè m chòv
Mèsi kanmenm w aprann mwen sak rele love yeah

Mouri ou viv san li pa mande l sa l pi pito
(Se mwen k pou di w kijan li bon pou mwen)
Malgre l konnen tout sa l fè se li l vle kòm kado
(Ba l tout vye blag ou vle y ap bèl pou mwen)
Menm si sa ta rive yon jou pou li ta ba l do
(M prè pou sa k pase paske se ou ki tout pou mwen)
Nan lanmou pou yon lòt nenpòt ka kwè w se yon fleyo
(Ke devan l menm sida ak kansè poko janm anyen)

Se pou premye fwa
M te panse jwen yon moun pa m
Si w ap tande vwa m
W ap wè yon Gangster ak cham
Ki vin avèk Rhymes, lyrics dramatik kòm zam
Resevwa track sa tankou yon dènye lèt blam
Blood m tap tande w
Dayè m konn de kiyès ou t ap pale
Sa k ap sakaje w yo m konpran se menm B. S yo k ap kale
Nanm mwen G m damou e m kagou
Chak fwa m sonje ki bò ki jou
Mwen pran premye gou
Yon santiman m pat ko konnen
(E ak kiyès tou, ti rès la)
Non! Pou mwen nan fanm pa janm gen rès sa m apran viv san casse-tête
Lè ou renmen yon moun nenpòt ti jès li fè se yon pakèt
M pap kache w
Pou li m abitye peye dèt an kachèt
Mwen ak bebe sa kèt
Se tankou dwèt ak gachèt
Dèfwa w mande padon
Pou sa w pa fè
Ou menm pran baton
Ou pa annafè
Se pou sa map mande oh nèg ak bab la
Pouki m pa kouri se vle m pa vle ou byen m pa kapab la

Mouri ou viv san li pa mande l sa l pi pito
(Se mwen k pou di w kijan li bon pou mwen)
Malgre l konnen tout sa l fè se li l vle kòm kado
(Ba l tout vye blag ou vle y ap bèl pou mwen)
Menm si sa ta rive yon jou pou li ta ba l do
(M prè pou sa k pase paske se ou ki tout pou mwen)
Nan lanmou pou yon lòt nenpòt ka kwè w se yon fleyo
(Ke devan l menm sida ak kansè poko janm anyen)

Li te renmen w li te damou w
Li te fou pou ou oh, yeah
Li ka toujou renmen w li ka toujou damou w
E bay tout vi l pou ou
Li te renmen w li te damou w
Li te fou pou ou hmmm
Li ka renmen w li ka toujou damou w ohh
E bay tout vi l pou ou

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK