Cifra Club

Ou Se

Harmonik

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Ou se richès mwen
Ou se tandrès mwen
Ou se jenès an mwen
Baton vyeyès an mwen
Ou se alegrès mwen
Se ou k tristès mwen
Ou se tou sa m genyen
Ou ban m aspirasyon viv

Ou mèt fè de mwen sa ou vle
Mwen fè w kado tout nanm mwen
'Till the end of time

Ou mèt fè de mwen sa ou vle
Mwen fè w kado tout avni mwen
Anything that you want

Ou se reflè mwen
Ou se panse an mwen
Ou se lè m respire
Ou bay nanm mwen manje
Ou se somèy mwen
Ou se langaj an mwen
Ou se mizik mwen jwe
Ou ban m aspirasyon viv

Ou mèt fè de mwen sa ou vle
Mwen fè w kado tout nanm mwen
'Till the end of time

Ou mèt fè de mwen sa ou vle
Mwen fè w kado tout avni mwen
Anything that you want

Pou ou, m ap chanje tout defo m yo
Pa gen yon bout nan kè m ou pa deja wè
Paske m ba ou tout sa m ye, oh-oh-oh!

Men lanmou!

Si pye m chape (ki te mele m, kite m tonbe pou ou)
Si m pran rele (ki te mele m, kite m rele pou ou)
Si pye m chape (ki te mele m, kite m tonbe pou ou)
Si w wè m aji tank on ti bebe se paske mwen damou

Ou se, ou se, ou se
Ou se mèt mwen pwopriyetè m
Ou se, ou se, ou se
Ou se dlo m anvi bwè chak jou
Ou se, ou se, ou se
Ou se klète m, 'obscurité' m
Ou se, ou se, ou se
Ou se modèl mwen imite

Si pye m chape (kite mele m, kite m tonbe pou ou)
Si m pran rele (kite mele m, kite m rele pou ou)

Men lanmou

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK