Cifra Club

INOSAN

Jeff Prosper

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

M'te fè'l yon premye fwa, m'pat jwenn yon asirans
M'te fè'l yon segon fwa, men'l te trè konsekan
Mwen bay tout avwa'm, m'pat janm konprann sa
Inosans mwen fè'm peye pou koupab

M'pa konn kouri, m'pa konn kache
Lè'm anvi fui lanmou kenbe'm
Lè pou'l ale, li pa eskize'l
Li kite'm ak dlo nan je

Lanmou konn fè' w santi w'ap, w'ap, w'ap gouvène
Konsa li konn mete'w tou ba, ba, nèt an dènye
Tout rèv mwen se pou'm jwenn yon moun pou'm pase etènite
Lè lanmou frape pòt kè'm li pa janm etènize

Men chak moun mwen avè'l, mwen toujou desu
Lè mwen twò nayif, yo fè mwen soufri
Santiman'm yo fò, mwen damou fasil
Sanble m'pa gen chans, mwen fèt pou'm soufri

M'pa konn kouri, m'pa konn kache
Lè'm anvi fui lanmou kenbe'm
Lè pou'l ale, li pa eskize'l
Li kite'm ak dlo nan je

Lanmou konn fè' w santi w'ap, w'ap, w'ap gouvène
Konsa li konn mete'w tou ba, ba, nèt an dènye
Tout rèv mwen se pou'm jwenn yon moun pou'm pase etènite
Lè lanmou frape pòt kè'm li pa janm etènize

Mwen espere sou wout, mwen ma va jwenn yon moun
Hello lapolis libere'm non

Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun
(Ki pou konsole'w)
Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun ki pou konsole'w
(Ki pou konsole'w)

Lanmou konn fè' w santi w'ap, w'ap, w'ap gouvène
Konsa li konn mete'w tou ba, ba, nèt an dènye
Tout rèv mwen se pou'm jwenn yon moun pou'm pase etènite
Lè lanmou frape pòt kè'm li pa janm etènize

Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun
(Ki pou konsole'w)
Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun ki pou konsole'w
(Ki pou konsole'w)

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK