Labrin ka leve bonè
Solèy ou menm ki pot chale
Pa bliye kè m si w wè m
Pwoblèm mwen nan male
Lanmou m tankou rivyè koule
Pouvwa m se santiman m sere nan liv bonè
Menm si lalin fè klè lanmou m pa janmè sekrè
Baryè mwen ka ouvè
Vini pou pot chale
Cheri, tout kò mwen fin tranpe
Oh an nou ale
Wo, o, o, o, o, o
Solèy ki ka leve
Pa bliye kè m souple
Doudou a vle chape
M pap janm kite l ale non
Wo, o, o, o, o, o
Labrin ki pre leve
Soulaje kò m souple
Tanpri ede m rele
Pou m pa janm kite l ale
Wo, o, o, o, o, o
Ou tèlman pale tout kè an mwen fin dechire
Ou tèlman joure lespri an mwen fin deraye
Ou tèlman kriye epi doudou mande kite
Ou pale jous tan lespri mwen dekole
Kole epi m fè kolè
Mwen fè kolè
Gade m fè kolè
Pou m pa janm kite l ale non
Wo, o, o, o, o, o