Pa gen bèl flè san pikan m vin wè nan ki m pran
La m ap soufri lontan, m anvi souri men ak ki kran
Avni nou pwazonnen, demen nou pa sèten
An plas n ap patinen sou kont desten
Galantri m pa sifi, anyen m pa epate w
Apwoche w s on defi, pou m viv trankil fòm ekate w
W ap fè m pase mati san w pa reyalize m ka fou
Apre tout sakrifis mwen fè
Twòp kapris avegle w
Tout kouraj ak efò m pase an ven
Ou ekzije m plis mwen pa lage w
Ou konprann se renmen w ki feblès mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
Sèl ou ki konte pou mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen, w ap konte
Nan kwè si m vle m kapab si m pa vle map koupab
Fè tèt mwen yon esklav, yon zonbi lib k ap fè epav
Feedback yo negatif
Nan tout vwazinaj la tout moun pran pale nan koze n
Twòp kapris avegle w
Tout kouraj ak efò m pase an ven
Ou ekzije m plis mwen pa lagew
Ou konprann se renmen w ki feblès mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
Sèl ou ki konte pou mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen, w ap konte
Pou m te ka fè w yon bèl melodi
Mwen fè tèt mwen yon gwo mizisyen
Pou n te toujou ini, an amoni
Pou sa kap tande n santi n byen akòde
Lavi nou chifonnen, li mande repase
Relasyon n ap trennen, li mande repanse
Lavi nou chifonnen, li mande repase
Relasyon n ap trennen, li mande repanse
Yon ti dispit nan senk segond
Baboukèt fè mizo
Tankou n te gentan nan lòt mond
Relasyon nou kase le zo
Nou paka tande n paka wè
Paske n pèdi rezo
Lè mwen ofri w yon bèl boukè
Ou pran m pou mawozo
Lavi nou chifonnen, li mande repase
Relasyon n ap trennen, li mande repanse
Lavi nou chifonnen, li mande repase
Relasyon n ap trennen, li mande repanse