Cifra Club

Lavi (feat. Emmanuel Obas)

Beethova Obas

Ainda não temos a cifra desta música.

Gen sa ki sèmante devan Bondye
Yo p ap viv lòt kote
Gen sa k di kote lonbrit yo mare
Se la y ap fè vye zo
Se la y ap rete

Gen se van lamizè k pouse do yo
Yo tonbe lòt bò dlo
Men gen sa k byen ki pa janm manke anyen mezanmi
Kidnapè, chimè fè yo pè, yo kouri

Gen sa k di se pitit Kapwa yo ye
Yo se brav e danje
Gen sa k kraponnen k ta renmen chape
Sa k san viza vwayaje nan bwafouye

Gen sa k deside tout bon pran lari
Yo pa pè mal fini, ooh-ooh
Poutan chaje lidè nan salon k ap reflechi
Pa gen peyi, si nou pa kanpe pou li

Chak grenn Ayisyen
S on poto mitan k ap soutni tonèl devlopman
Li konn Ayiti paka fè anyen
Se Ayisyen ki pou met men nan men
Ak sa k ap viv byen lwen pou bati Ayiti

Peyi nou se Ayiti (Ayiti)
Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li)
Mezanmi, ann reyini (ann reyini)
Pou nou ka ba li lavi (ba li lavi)

Peyi nou se Ayiti (Ayiti)
Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li)
Mezanmi ann reyini
Pou nou ka ba li lavi

Sa n ap tann pou n met tèt ansanm?
Di m kisa n ap tann?
Pa rete tan pou n chita tann
Mezanmi, mwen di

Peyi nou se Ayiti (Ayiti)
Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li)
Mezanmi, ann reyini (reyini)
Pou nou ka ba li lavi

Peyi nou se Ayiti (Ayiti)
Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li)
Mezanmi, ann reyini
Pou nou ka ba li lavi (ba li lavi)

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK