Cifra Club

Liberasyon

Beethova Obas

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

An’n pran men timoun k’ap grandi
An’n kouve lespwa Ayiti
Kote’k vle chanjman, toujou gen touman
Nou tranble, nou tonbe, nou rete vanyan

Kenbe men nou montre’n mache
Demen dlo’n va koule pi fre
San met dozado Jn Jacques ak Petion
An’n fe yon sel pou’n konnen liberasyon

An’n pran chimen devlopman
An’n swiv sa k’ap gad devan
Men nan lamen, pa pè anyen
Di yo nou se Ayisyen

Tounen gadyen k’ap veye
Ki ponya k’ap negosye
Renmen fanmi, renmen zanmi
An nou renmen Ayiti

Si nou vle chanje peyi nou
Chanjman dwe kòmanse sou nou
Se pa tout’sa y’ap bay nou dwe aksepte
Konesans, konpetans, bare l'inyorans

Pou chimen lekòl la rive
Toupatou kote nou rete
Pa tann sa k’ap bay, an nou separe
Genyen pou tout kote’k gen lacharite

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK