Cifra Club

Ou La

Beethova Obas

Ainda não temos a cifra desta música.

Syèl la fache, genóun lapli’k pral tonbe
Inondasyon, dyòl peyi’m nan mare
Timoun yo grangou, grèv, kawoutchou
Livi chè tout’pou nou
Anndan nous sal, zonbi pete sou nou

Veye kidnapè, zenglendo pase
Bandi legal, vòlè se otorite
Lilianne di pa gen bon nouvèl
Peyi’m nan s’oun kote
Tèt ansanm ak inite pa rete

Cheri ou la
Chimè’m kaba
Ou s’oun oasis nan dezè Sahara
Pwoche’m konsa
Souri’m konsa
An’n fè lanmou tanmen nan kè Ayiti Toma

Syèl la fache, moun anba yo mele
Dlo pral desann, kote yo pral kache?
Twou egou, rigòl, zòrèy bouche
Ki kote nou tande?
Nou tout koupab, Ayiti aprale

Syèl la fache ansasen yo lage
Twòp san koule, li lè pout tètkole
Se lanmou sèl ki ka sove
Anba male pandye
Cheri vini, souri, m’a soulaje

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK