Cifra Club

Outro

D-Fi Powèt Revòlte

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

It's all about a dream anbyanse on foul
M goute on pen kounya m mande on fou
On plim sèvi m limyè lè orizon m flou
Je me fais un kif, le reste je m'en fous
San Nou m t ap jis on ti nèg pami tout lòt nan koridò Castro
Donk kite m plase youn pou sila yo ki toujou gen D-Fi en boucle nan kas yo
On Ado kòm arèn on geto
Mantalite gèrye m Ame m ak mo
Gito aprann mwen lè w jwe ak vi w ou fini dejwe
Se pa ak dwòg men se ak mizik ke m akwo
Se kwonik on powèt melankolik
Plim mwen ap kriye paske kè m kòche
Soule chagren m nan kèlke verres kou alkolik
Ak mwen m envite w bwè kèk gòje
Chache w nan mwen paske mwen m jwenn mwen nan ou
Lanmou nou bay koulè ak tout nuit blanch yo
Mèsi pou sipò nou men souple pa aplodi nan sal la g on frè ki mancho
On panse pou tout sa m pèdi sou wout la
Non nou plis make nan kè m ke sou mi
E pou m pale ak nou Dèfwa m rape à la belle étoile lòt fwa m Rape nan zòrèy foumi
A tout sa k te ede m koud plè m
Ki te banm ovasyon pou m te ka atenn syèl
Pou nou m dedye on kouplè
Se pou tout sa ki te kwè nan mwen
Wè nan mwen
On etwal pandan m t jis on etensèl

Wè se pou tout sa ki te kwè nan mwen
Wè nan mwen on etwal
Pandan m te jis on etensèl

Donk kite m plase youn pou sila yo ki te la depi nan koumansman
2005 - 2016 anpil wout frè m
Sila ki te la menm nan pi move moman
La GNESS aprann mwen sa k rele zanmitay

Viv ansanm
Soufri ansanm
Souri ansanm
Mouri ansanm

Kite m plase yon panse spesyal
Pou Pasapas, Leel the drama, Lapinòk
Pou Tedox
Pou Deblozay
Pou Blòdè Dje
Pou El Che
Pou G Lack
Pou Mass
Pou Penzon
Pou Izi
Pou Castro
Pou Machal, Lord IMP, XPJ, Nappy
Pou Ti Damou, Bibi

Sa se lafanmi frè m
Nenpòt jan

Kite m plase youn pou sila yo m te kwaze sou chimen an
E ki met men ki met kè yo nan pwojè a kòmsi se te pwòp afè pa yo

Dominik, Wood, Dread Ti Kris, Nazzle
Death Hastla Family, Stephane Petion

E a tout moun ki te pèmèt pwojè sa sòti, spesyalman chak grenn frè nan Powèt Revòlte

Ed Da Liriks ou s on frè man, D-Fi ak Ed se pou byento
M pa ka tann frè

On panse pou B_Art
Pou Wellborn
Kenfs
JaM, MCM, Slamuel, Shelo Pleb Muzik, Jethce, Maestro James

Pou Kerby
Pou Jay
Pou Kaz
Pou Exus

Mo pa sifi pou m di n mèsi
On panse pou chak moun ki ap sipòte m
Lè fan tounen fanmi kòman pou m di n ke mesaj nou yo konn apeze nanm mwen

On mansyon spesyal pou Son Makònen, ou te sèvi m gid lè m te devye

Banm kouraj lè m te vle bay vag
Banm espwa lè m pa t genyen

Dènye mo m se pou Gran Paran ak Estè

M espere nou fyè, se kwonik yon Powèt, yon Powèt ki sot Castro, Yon Powèt Revòlte

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK