Cifra Club

Confession

Rodrigue Milien

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Se pou ou m ap chante jodia
Mwen konnen ou chita la wap tandem
Si pwoblèm lavi a ta pran tèt ou
Wa konnen m toujou renmen w
Si tout fwa yon jou nou ta separe
Pa panse ke m prale bliye w
Pou tout sa cheri ou pase pou mwen
Tout sa ekri nan kè mwen

Mwen pap janm bliye w cheri
Pou tout sa w pase pou mwen
Malgre tout pesekisyon ke w te jwenn
Ou di zafè, mwen m renmen mennaj mwen

Si tout fwa yon jou nou ta separe
Mwen frape ou cheri padone m
Men aprè konsyans mwen en vin repwoche m
Ou chita w kriye sou janm mwen
Abitid se yon souvni etènèl
Lè m kite m santi m konsole w
Lè m razè ou chache yon 2 goud ban mwen
Tout sa ekri nan kè mwen

Mwen pap janm bliye ou cheri mwen
Pou tout sa w pase pou mwen
Malgre tout pesekisyon ke w te jwenn
Ou di zafè m renmen mennaj mwen
Si non sa soti nan kè mwen, m ap pèdi preske tout vi mwen
Lè w chita Rodrigue ap jwe gita pou ou
Se tandres bonè mennaj mwen

Mwen pap janm bliye ou cheri
Pou tout sa w pase pou mwen
Malgre tout pèsekisyon ke w te jwenn
Ou di zafè m renmen mennaj mwen
Si non sa soti nan kè mwen, m ap pèdi preske tout vi mwen
Lè w kouche Rodrigue ap jwe gita pou ou
Se tandres bonè mennaj mwen

La la la la la la laaa
La la la la la la laa

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK