Cifra Club

Mwen Wè M Nan Ou

Rutshelle Guillaume

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

M jis wè w lespri m sote
Gen yon bagay nan jan ou gade m
Ou pa di m men m konprann ou
Chalè w gentan boule m, doudou
M santi m antre san pèmi
Se pa jwèt, se pa plezantri
Si w santi l tou, vin wè sa
N ap boule nèt si ou sou sa

Doudou voye je w pou wè m
M la pou ou, pa fè sanblan
Si ou vle menm jan avè m
Nou ka fè kè n kontan
Si w di wi, nou gentan la
Cheri, m ap tou ba ou l la
Pa vin dodine, ou deja wè
Se ou m vle, se sou ou m ye

M santi w pare
Pa pèdi tan, sere m san rete
M santi w deja pare
Pa fè diskrè, ann vwayaje
Tout vizyon m deja klè
Se sou po w m vle benyen
Pran plezi tout jounen
San pèdi nwit, pran kè m tout lè

Doudou voye je w pou wè m
M la pou ou, pa fè sanblan
Si ou vle menm jan avè m
Nou ka fè kè n kontan
Si w di wi, nou gentan la
Cheri, m ap tou ba ou l la
Pa vin dodine, ou deja wè
Se ou m vle, se sou ou m ye

Mete bagay nan men m, cheri
Mete bagay nan men m, baby

Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou
(Mwen wè m nan ou)
Pa di m non, cheri, pa di m non, boubou
(Mwen wè m nan ou)

Je ou di m anpil bagay, doudou
Ou wè tou, baby, wè sa tou, doudou
M annik kwaze w, mwen tonbe pou ou
Je w se lanmè, m swaf pou m plonje
Nan bra w, m vle fonn, bebe
Chalè w se solèy mwen, limyè nan fènwa m
M pa ka tann, vi n ban m sa
Vwa w se mizik nan kè m, doudou
Kò w s on zèv m swaf pou m touche
Gade byen, m anvi w, bebe
M vle plonje, pèdi nan ou

Mwen wè m nan ou, mwen wè m nan ou
(Mwen wè m nan ou)
Pa di m non, cheri, pa di m non, boubou
(Mwen wè m nan ou)

Je ou di m anpil bagay, doudou
Ou wè tou, baby, wè sa tou, doudou
M annik kwaze w, mwen tonbe pou ou

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK