Cifra Club

Sakrifis

Shishie

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Mwen sakrifye’m pou fanmi
Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifye’m pou zanmi
Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m’pap chanje
M’ap rete moun mwen ye a
Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt
Menm si yo pa rekonèt sa

Kòm yon pwovèb ki di fè byen se fwèt
Ebyen l’ap kale mwen jouk tan’m mouri
Sansibilite’m se pi gwo feblès
M’paka sipòte wè moun ap soufri
M’konn pran pwoblèm lòt moun tankou se pa’m
Mete’l sou do’m, ap chèche solisyon
Lè sa pa mache, se mwen ki koupab
Se mwen’k antò, ki merite baton

M’pa dòmi pou yo
M’pa manje pou yo
Met tèt mwen an dènye pou yo
Mwen mache pou yo
Mwen chèche pou yo
Sakrifye lavi’m pou yo

Mwen sakrifye’m pou fanmi
Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifye’m pou zanmi
Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m’pap chanje
M’ap rete moun mwen ye a
Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt
Menm si yo pa rekonèt sa

Yo di mwen di, yo di mwen fè
Bagay yo pa konfime
Sa ki t’avè’m kouri ban’m do
M’sezi, ban’m yon konprime
Manman demon, manman pa bon
Granmèsi chyen se kout baton
Mwen pa takle, Mwen pa fè fòt
Yo fou’m deyò, mwen pran katon
Sa pat dwe janm rive
Men sa pat dwe janm rive la
Repitasyon’m ap drive
Pou repitasyon’m ap drive la

Mwen sakrifye’m pou fanmi
Fanmi’m, fanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifye’m pou zanmi
Zanmi’m, zanmi’m yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m’pap chanje
M’ap rete moun mwen ye a
Malgre sa m’ap kontinye fè byen ak lòt
Menm si yo pa rekonèt sa

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK