Sa pase si vit
Tout sa m ka di se lanmou k pa sifi
Sa k te fè m kontan yè, jodi a fè m lapèn
Sa fou jan on nuit ka chanje lanmoun an èn
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri
Yon nuit pou mwen pèdi souri w
M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m
Kite m ak plèk pa ka panse
M gen enpresyon sa pase
Yèswa
Yèswa
Yèswa flanm ki klere n
Maten an ki boule lanmou nou, nan m nou
Kounya tèt mwen vle ale, kè m vle rete
Yèswa w te gen pasyon, men maten an w gen degou
Menm souri ou tounen pwazon
Ou tounen pi move souvni m, ou te pi bèl istwa m
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri
Yon nuit pou mwen pèdi souri w
M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m
Kite m ak plèk pa ka panse
M gen enpresyon sa pase
Yèswa
Yèswa
Yèswa
Yèswa
Yèswa ou t on zanj, maten an s on demon m pa rekonèt
On nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt
Rèv nou pèdi nan longè nuit lan
Èn ranplase lanmou, nòmal, raple ou lanati pa vle wè vid lan
Yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan
Maten an n fasafas ride or die se te ilizyon an
M ap pran tan pou renmen ankò, kè m mande repo
Thug yo konn kriye tou mande Ginette Reno
Gad nan je m w ap wè jan m mal, cause eyes never lie
Di Powèt la l manti kou chen lè l di love never die
Dezespere, m voye sa tankou boutèy nan lanmè
Konprann, nan eksè menm myèl la vin anmè
On nuit sifi pou baskile tout on vi tout anvi m
Se brize ou tou pou konn jan sa fè mal nan tèt mwen se tout on fim
Se fou jan byen rapid moun yo chanje
Yèswa nou te fè youn, maten an n se 2 etranje
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri
Yon nuit pou mwen pèdi souri w
M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m
Kite m ak plèk pa ka panse
M gen enpresyon sa pase
Yèswa
Yèswa
Yèswa
Yèswa
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri