Cifra Club

Se-w M-vle

Tabou Combo

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

M ta pito genyen w pase gwo lajan
Plis ke gwo dyaman
M ta pito genyen w pase gon bèl kay
Plis ke pi bèl vwati k'ekziste
Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di m anyen

Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen
Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen

M ta pito genyen w, plis ke tout zanmi
E menm plis ke tout fanmi
M ta pito genyen w plis ke lavi
Si w pa la mwen te mèt mouri
Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di m anyen

Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen
Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen
Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen
Se ou m vle, ou m vle, cheri mwen

Sha la la, la la ya la

Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di anyen

Se ou m'vle, ou m'vle cheri mwen

Pa bezwen anyen ankò
Lanmou ou sèlman mbezwen
Pa bezwen lajan, pa bezwen dyaman ni lò
Ou se trezò mwen, se tout sa mwen vle
Lè m malad cheri, se ou k pran swen mwen
Ou banmwen sa m bezwen, sa m bezwen
Ou toujou la pou mwen, ou pa janm kite m

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK