Cifra Club

Bon Bagay

Beethova Obas

Ainda não temos a cifra desta música.

Pouki yo pa pran n pou anyen?
Kou l pa bon, yo di se Ayisyen
Se pa vre mwen kwè
Yo vle yon bagay nou genyen

Pouki se yo k ap dirije n?
Pouki y ap mache sou diyite n?
Louvri je n gade
Li lè li tan pou n frape pye n

Chodyè prete pa bouyi pwa sèch
Men san gaz alumèt pa lumen bobèch
An n ale n’ap fè l ak sa n ganyen
Pou pitit nou ka fyè de nou demen

Pou nou leve nen lanasyon
Se nou menm ki pou pran desizyon
An nou montre yo ke ayisien se

Bon bagay

Bon bagay, Ayisyen nou se bon bagay

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinação da cifra

    Afinador online

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK