Èzli Emett Till kite sèkèy mwen louvri
Kon sa n ka wè ponya k nan do m tras san chemiz mwen kouvri
Kòm Christopher Wallace m g on vi aprè lanmò
Chak kou k shot mete m prè objektif la sa tris e l vrè
Chak fwa m swaf pale m vale lang mwen
Fè silans kòm prensip m esplike m sèlman lè m devan grann mwen
Sou estrad pandezon m pran Listwa kòm temwen
Prese pou sakrifye m san verifiye kòm se mwen
Manti fè bri men silans fè plis
Pri grandi sa chè pa suiv konkirans fokis
M ap fè l pou Listwa lavi m jan m wè l m ap pousib
Konstui piramid mwen nan kwen m pou ki n pran m pou sib
Fondasyon m nan Ginen pase Ejip pa nan Maslow
Dèyè kout ri n avè m te g on gwo pik nou pat ret tann mas yo
Tout jan m vle viv pa yon mistè men l Majik
Click ka redui menm ret solid tankou Nasir sou Magic
Mawon this that m abitye m s on real Black k ap lite n
Mèt lote m kou patat dinyite m ret entak
M ekspoze m sou yon beat Dedy trase
Kreye pou m reziste se yon vi k dedikase
Mande jan m fè pou m pote kwa m
Dezòm ILA m asime chwa m
Devan ANKH la m bese vwa m dezòmè m la m blese kwak
Ret chita m ap gade m ap grade y ap atake
Koulèv k ap ranpe sèl fas tè pap ka mòde ata ke l
Mc m fè pwezi ak doulè m kounya m ap antreprann
An menm tan m pran mezi chak jou k fèt kounya m ap manche pwen m
M pran tout blam vye blag sou mwen trete m aslè
Bosal Hustler m te prepare m te konn gagè pa jwèt oslè
Fikse syèl men sa pa limit mwen
Twò gran pou nou m konsyan n ap doute vre n ka pitit mwen
Hip-Hop shit still politik bout rap gimik
Ret teyorik nan tout pratik miwa n kritik bosal etik
Yon milyon 2 milyon 3 milyon 4
M ap deal rim rich delivre l dope tankou crack
Fuck the police bras rap nan chak corner
Nou di n Hip-Hop s on blast pou sak konnen
Loray pa konn kale MC knowledge pa fèt san referans
Prevwa remèt sa m resevwa anvan m tire lareverans
Antere m anba Ab- salon m s on gwo Mapou
N on gwo lakou mistik je w pap ka wè sa sou map ou
Detui m si n kapab ebyen lanmè gen bout
Te pran n pou yon bagay men kèk tan an vrè nan kè m gen dout
Ranmase chyet nou n mèt byen manje mèsyezedam
Kanpe m ap souri n k ap sa l kò n rele m mesye sanzetadam
Konsyans se vre s on bèl tèm
Biznis sa bay rapè li bay atis gwo gòj fè m
Pran distans mwen koz mwen pap chèche atansyon
Trè byen si n vle pi bon m ap fè sa m dwe ak mansyon trè byen
Fè byen se frèt m bat fè m pandan l cho