Madanm, pouki se pye atè ou ka bale
Nan bonmba byen lwen ki gen anpil pikan
Misye, anba solèy pa nou se gwo tradisyon
Pou tout moun nan otè mache pye atè
Madanm, madanm, kòman ou ka rele ti sous sila a
Kote moun lakay ale bouske dlo
Misye, depi mwen tou piti mwen te konnen
Sous sila yo rele l eli tò ou rezon
Manman m te konn ale, papa m te konn ale
Fanmi m te konn ale, Ti sèm yo konn ale
Tout timoun yo ale, pye atè nan chimen
Tout granmoun yo ale, ti zòtèy yo ki ale
Madanm sa a, pa manyen li
Se manbo li ye, la manbo li ye
M di nèg sa a, piga w touche li
Se dosou m li ye, marasa mwen ye - hey
A a aaaa a
A a aaaa a
A a aaaa a
Kachimbo l nan bouch li siyoka l sou do l
Tout moun ap gade li men li pa p pale
Kachimbo l nan bouch li siyoka l sou do l
Tout moun ap gade li men li pa p pale
Woooy, sa kap pase lakay wa voye di mwen, oo oo
Sa kap pase nan mòn voye nouvèl desann
Sa kap pase lakay wa voye di mwen, oo oo
Sa kap pase nan mòn voye nouvèl desann
Madanm sa a, pa manyen li
Se manbo li ye, la manbo li ye
M di nèg sa a, piga w touche li
Se dosou m li ye, marasa mwen ye - he hey
Madanm sila piga a w manyen l
M di nèg sila piga w manyen l
Men moun sa yo se pitit nèg ayè, nèg ayè
Madanm sila piga w manyen l
M di nèg sila piga w manyen l
Men moun sa yo se moun
Nanchon lakay, nanchon kreyòl
Baaa boumba bwa fouye k ap desann nan rivyè bò lakay o, kay o
Baaa boumba, pipirit k ap desann nan rivyè bò lakay o, kay o
Madanm sila a, m di nèg sila a, eee
Baaa boumba pipirit bwa fouye nan rivyè bò lakay o, kay o, ba