Cifra Club

Sa Je Pa Wè (Akoustik)

Vanessa Jeudi

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Sa je pa wè sa k disparèt
Sa k soti ki pa janm antre
Sa y al fèmen fò dis manchèt
Sa yo trangle oubyen vantre
Sa je pa wè sa k disparèt
Sa yo bwote onzè diswa
Tout yon fanmi fonn nan fènwa
Kadav y al jete pa bourèt

Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen
Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen

Sa je pa wè sa k disparèt
Sa yo fè pran pa jalouzi
Sa yo bay bouwo toupizi
Defigire san rekonèt
Sa je pa wè sa k disparèt
Sa y al koule sou batiman
Ti bebe Ki panko menm fèt
Yo ponyade nan vant manman

Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen
Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen

Sa je pa wè sa k disparèt
Sa de pat men mouche make
Sa non y al kanni n on w ankèt
Sa lajistis gentan bliye
Sa je pa wè sa k disparèt
Tout sa van laterè rache
Flè ki seche anba krache
Depi li te fenk ap parèt

Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen
Sa je pa wè
Sa je pa wè
Konn bay kè plen

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK