M pran lavi pou pwofesè donk chak jou m ap edike
M ap aprann ma fè erè e bondye ap edite
M konnen avan nou konnen koz chak viktwa premedite
M pa ekri pou and di m konn ekri men pou and tande e medite
M gen gwo rèv e anbisyon difisil pou m satisfè
M pa kontante m e sa m genyen men sa m genyen an sufi
Si fò m chwazi sa k bon pou mwen m chwazi pa chwazi
Paske chwazi se renonse e renose se soufri
M renmen pataje men m pap bay sa k vle m bay sa k bezwen
Pou mwen tout fanm se fanm m pa konn sa k bon ni sa k bzen
M lwen objektif mwen men m trè rekonesan
M aprann bay enpòtans ak sa m genyen pa a sa m bezwen
M ret san zanmi aprè lanmò Marcus Samuel
Cause m renmen lwayote, se pou sa m pa rayi chen
Se grandi w ap grandi w ap konn poukisa m rete solo
Si w vle konn kijan yo kreye enmi ini de Ayisyen
Manman gentan ban m lavi m pa ka chache fanm pou fè vi m
Bondye met manje pou tout moun donk m pa tann yo pou sèvi m
Nou s on bann inyoran nou pap janm konn grandè tou pwisan
Nou tout ap sèvi Bondye pandan Bondye la pou sèvi n
A medite
Pa bliye lè w prale se ou k pral sèl, a medite
Ou ka fè sa w imajine a se ou k pa fè l, a medite
Pa fè pèsòn konfyans mefye w de tout moun
Men mefye w plis de moun ou pat panse a koz se li k pral fè l, a medite
Fò w refize pou w konn sa w evite
Chache konn kiyès ou pou w ka konn sa w erite
Pa pran sa yo ba w pran sa k pou ou mete w piti pou viv
Reziye w a sa w jwenn men toujou sonje sa w merite, a medite
E lanmou se pou on tan pa made l avi
Nenpòt sa k bon pou ou a fè l frè m pa mande avi
Si w pa eseye w pap janm konnen se swa w aprann swa w reyisi
De tout fason lavi pap di w donk pa mande l avi
Tande pou w medite e fwa sa ou ka aplike tout sa m di
Se vre lavi se on fèt men w pa dwe fete tout samdi
Fò nou panse avan nou di koz nou pa panse tout sa and di
Nou pa dwe di tout sa and panse men and dwe panse sou tout sa and di
Sèl bagay m pap vann se nanm mwen ak konsyans mwen e diyite m
M ap mache sou tras tou pwisan an san ankenn detou
Men anyen pa gratwi tout branch pwèl mwen monetize
Men Bondye ba nou lavi pou and remèt li an retou