M ta dwe komanse pa padon menm konn padone pa done
Donk ou mèt òdone pou m ofri w tout sa m ka done
M konn sa lè m damou m ka done, ann wè si and koòdone
Tanpri pa fè m wont, puis-je avoir tes coordonnées?
M vle konn adrese ou, sociale ou, pin ou
Kiyès ki manman w, e kiyès ki kopine ou
An tan que queen komanse rele m king ou
M vle astroloji signe ou
M vle konn menm ta string ou, wouch manman
Tu sais que c'est un crime d'être aussi belle et aussi gentille
M pa vin koze non m vin fon avanti
Men kounya kite m file w pou w ka konn sa m santi
M vin aprann, aprann de ou kon apranti
Fè alye a verite pou m pa jan m ba w manti
Se vre ou poko konnen m
Men ou ka eseye m satisfè ou ranbouse, m ap renmen w a garanti
M ap fin pra tèt ou, an swit m ap goute bouch ou
Aprè m pral fè prezantasyon pou m pran men w
Gen 1 milion rezon pou m renmen w, men m vle renmen w san rezon
Si m konn pou ki rezon m renmen w, m pap renmen w
M pa vle renmen pou renmen ni renmen w jan yo te renmen w
M vle renmen w a on pwen kap fè m bliye jan m te renmen
M vle renmen jan m renmen w, renmen w jan yo pot ko renmen w
M ap renmen w, pou lè and pa renmen, pou w sonje jan and te renmen
An fen, m vle renmen an fen
M vle renmen san retenue, san kontwòl, san fren
Une belle vie a 2
Je serais fou de 3, men 13 ka mare 14
Paske fwa sa m ka 10 ou si w fè m renmen an 20
M pa konn pou ou men m fatige pase moun
M fin fè eksperyans nan lis mwen gen ase moun
M fatige ret on senp ti souvni nan pase moun
M vle resipwosite, m fatige renmen moun pase moun
So ann fè on sèl pou on sèl ka vini nou
M ap viv pou ou viv pou mwen pou mwen ka vini nou
N ap rete an prive pou lang yo pa fini nou
Ann ini nan Bondye pou Bondye ka ini nou
M pral ale m prale a konviksyon
Men avan apwoche pou nou fè on konklizyon
M ap renmen w a transparans san dout san konfizyon
M ap renmen w a kondisyon ke and renmen san kondisyon
Si w ta mande m swiv ou
M ap kouri tout on maraton
Si se pou m ka nan vi w, ouu!
Mwen pare pou m kite vakabon
Di m kisa w vle, di m ki dragon pou m donte
Pou merite on plas nan kè w
Di mwen byen kont ki lame pou m al fè la gè
Ki lanmè m pap travèse
Ki tanpèt m pap brave
Ki mistè m pap pèse
Di m ki montagne mwen pap soulve
Renmen w se pi gwo misyon m
M mache a tout konviksyon m
On sèl kondisyon se pou nou renmen san kondisyon
On sèl kondisyon se pou nou renmen san kondisyon