Cifra Club

Ilizyon

Zo Polo

Aún no tenemos los acordes de esta canción.

Perfect records
Veysigz on the beat

Nou tout reve vole, reve touche syèl
Reve pouse zèl reve pou n se sèl
Bout ki dekole kite kolè n de kote e
De kò n detache lespri n dekòde l pa dekone (ouais)

Nou vle lib pou n lib, men mond lan anpeche n
Nan 2 je n foure dwèt, yo di se swiv poun swiv
Reziyasyon yap preche n, fè tout jan pou yo prije n
Nan lespri nou met pil chèn, prizonye plis lè w pi jèn (fuck)

Mond yo a pa reyèl, se ilizyon
Pa ere nan erè w frè se pinisyon
Pou yo tronpe n y'itilize tout teknik, san etik, clash etnik
Lè w sòt ou gen sètitid, saj yo still ret septik

Yo vle w pase prezan w ap reve fiti w
Men ret konfyan et make sure n'ap wè l
Kitem di w
Mond lan se volonte ak reprezantasyon arthur schopenhauer

Ilizyon
Ouais
Se ilizyon
Ok!

Nou tout reve grandi, touche syèl tankou mèt minwi
Men n devye, bandi, nen n bouche n bwè yo pandan kèk minit
Rèv yo trase nou n ap ranpe kou koulèv
Pou wè si n ta tante atenn yo nan lavi n pou met koulè

Vize etann zèl ou vole vè lorizon
Y ap prive w, prije w, ret nan sèk ou please
Plizyè moun ap trase lizyè w
Kòmkwa yo se mèt ou, pou w soti fò w bay tèt ou yon rezon

Kèk grenn mo ap mele nan sèvo an
Libète w pou w pale menm ap vole k on sèvolan
W ap vwayaje sou vag lavi, kadnase tout sa w ta di
K ap ase pou w ka pase avan w pase pou vagabon

Yo vle w pann tèt ou ak pwòp fil ide w
Okenn opòtinite w pap jwenn si w pa fuck diyite w
Prime kontak sou kapab
Reyalite s on mizik a 5 tan, w a rime l konsa si w kapab

Mond lan pa janm sa w wè a tande frè m
E reyalite a ap toujou diferan avèk sa w panse a
Paske nèg sa yo se itilize y ap itilize n
Nou se des pions nan echikye yo jis deplase nou lè yo vle

Donk se mete focus, se mete fòs pou goumen kont sistèm sa yo
Paske si w pa kanpe goumen sistèm nan ap bwè w
Dayè yo mete tout baryè pou anpeche w pwogrese, pou anpeche w vanse

Donk se ou menm ki pou konnen pou w kwè nan rèv ou
Pou w kwè nan tèt ou, pou konnen ki kote w prale

Perfect records

Otros videos de esta canción
    0 visualizaciones

    Afinación de los acordes

    Afinador en línea

    Ops (: Contenido disponible solo en portugués.
    OK